Nan jounen fèt agrikilti ak travay la, #SEMIEL salye tout travayè-èz nan peyi a, an patikilye nan Konsèy Elektoral la, pandan n ap kontinye goumen pou nou jwenn plis akonpanyeman sosyal pou yon sosyete san fòs kote.
SOS... SOS... anpil anplwaye nan @cep_haiti, pami yo 3 konseye, direktè, kowodonatè ak plizyè teknisyen bloke depi plizyè jou, nan ayewopò #AntoineSimon vil okay apre vizit yo nan gran sid peyi a nan kad travay yo pou rekrite manm Biwo referandè ak evalyasyon biwo elektoral yo.
Que la paix et la promesse de Noël remplissent vos cœurs de paix, de joie et d'amour et que son esprit soit avec vous aujourd'hui et tout au cours de la nouvelle année 2025.
Joyeux Noël à vous tous chers camarades et dans vos familles respectives. #SEMIEL
SEMIEL salye desizyon pouvwa ekzekitif la, ki rive konplete @cep_haiti ak 9 konseye sou 9. kounya Machin Elektoral la derape pou gen veritab eleksyon transparan ak enklizif nan tout peyi a; pi bon kondisyon travay ak avantaj sosyal se prensipal revandikasyon tout anplwaye yo.
Nou salye tout travayè-èz anndan @cep_haiti. Pandan n ap enfòme tout moun sendika pa janm sispann mande ak otorite yo, ogmantasyon salè ak tout avantaj sosyal yo pou tout anplwaye anndan enstitisyon an, pou fè fas ak sitiyasyon sosyo ekonomik difisil n ap viv chak jou nan peyi a.
#SEMIEL konstate nan komansman ane fiskal la ak ouvèti lekòl la okenn anplwaye @cep_haiti poko touche 4mwa ane fiskal pase a, menm #ajan_sekirite ki ak #Zam nan men ap plenyen, ki se yon anòmali grav; lèn konsidere danje sa gen ladann. Nou mande gouvènman @ConilleGarry aji prese.
#SEMIEL aprann @MEFHaiti pa vle siyen pewol anplwaye @cep_haiti yo. Epi n ap raple gouvènman @ConilleGarry poko janm peye anplwaye KEP yon goud; nan yon kontèks difisil epi lekòl ap louvri. Se ak lapèn nou wè pitit majorite anplwaye poko ka pran chimen lekòl pou yon demen miyò.
#SEMIEL konstate gouvènman @ConilleGarry pa janm peye anplwaye @cep_haiti yo, 2rankont fèt sou sitiyasyon CEP a, pou okenn suivi @ConilleGarry kite lekòl louvri, pandan pitit anplwaye @cep_haiti ret chita paske paran yo gen plis pase 4 mwa pa touche yon goud lesko. #HaitiElection
Malgre lekòl pral louvri anplwaye @cep_haiti yo gen #4mwa yo pa touche yon goud lesko. Pandan nan tout laprès administrasyon @EdgardLeblanc ak @ConilleGarry ap di eleksyon se youn nan priyorite yo. Eske #eleksyon ka priyorite san lekòl pitit anplwaye @cep_haiti paka peye? #SEMIEL
Pandan nou nan dènye liy dwat pou @cep_haiti (KEP) a fòme ki se yon pwosesis louwab pou ansanm anplwaye @cep_haiti ak rès manm popilasyon sivil la. @semiel0822 mande pou Premye Minis @ConilleGarry ak @MEFHaiti peye anplwaye yo 3 mwa aryere salè pou prepare rantre lekòl pitit yo.
SEMIEL pran ak epi salye prezans PM @ConilleGarry nan @cep_haiti pandan li anonse pral gen eleksyon pou renouvle pèsonèl politik yo, Nou konstate pa gen anyen ki di sou kondisyon travay anplwaye yo ki pa gen okenn avantaj sosyal, pandan kondisyon lavi ap degrade chak jou pi plis.
#SEMIEL konstate pral gen 5 mwa depi anplwaye @cep_haiti pa janm touche yon goud lesko, malgre sitiyasyon peyi a vin pi konplike, odonatè @cep_haiti, @MEFHaiti jwenn pwomosyon li vin Premye Minis, Pwoblèm pewòl la tjou pa rezoud. Nan sans sa nap mande debloke pewòl @cep_haiti a.