@wenerd3m@Nalingiye Ou gen rezon se paske nou gen yon jenès tèt anba bouda anlè ki fè ou ka pale konsa, sou chak album @fantom chaje anpil bèl mizik ki trase reyalite nou epi ki ta dwe ede pèp la pran desizyon men malerezman se pa sa yo nou tande paske se pa betiz ka di men pawòl ak nanm. A
@wenerd3m@Nalingiye Map baw yon sel referans sou denyè album nan al tande pitit vyòl siw poko papa reflechi siw ta gen pitit fiw kisa ou tap fè nan ka sa m jis baw yon mizik selman
@richardsenecal Se yon gwo pwen ou abòde la paske anpil jèn adikte vrèman sa pral gen gwo konsekans sou jèn yo paske lè yo pa gen lajan pou jwe anpil ti vòlè pral kreye lap komanse nan vol andedan Kay ki pral soti deyo lè Kay la pa gen ase
@RenaldLuberice Nan tout sa ou ekri la yo ou tou gen repons la paske ou konnen se sou prezidan ou te konseyel la tout bagay sa yo komanse epi se lè mandal fini li te vle bay pèp la tirès la men li te twò ta paske li bay yo twop pouvwa. Epi fòk ou asime irèsponsabilitew.
@RenaldLuberice Men nou ranse non selman li pat janm aplikel kom moun ki te pibliyel men ak ki lajan ONA tap asire moun sa yo; leta se kob li pran nan ONA li pa kontribiye sa vle di lajan kontribiyab yo kitap yo pou asire lot moun. Pito ou pat janm prezante bagay sa paske se yon krim
@josephlunieOFF Kote nou ta vle vle peyi sa ale pou yon krim finansye fèt klè konsa epi dwayen an libere yo sa vle di pa gen chaj kont yo, nan sans sa yo ka tou retounen nan plas kote yo te ye a se manti ulcc fè sou yo ebyen ok nap gen yon bon peyi nan ka sa.
@CBarvensky M panse ou te ka fè yon pi bon refleksyon Bav, m plis kwe se endiyasyon ki monte kòlèw ki fèw pale konsa tout saw ekri yo pa karakterize yon yon moun ki soti nan yon fanmi epi lèd. Pito ou di jodi a anpil moun anvi rive vit san mezire konesans yo epi diyite yo.
@iamguivanel Eske uncle masisi vre eske se pa yon mwayen misye itilize pou fè kòb, lèw gade yon nèg konsa se ta dwe yon dji gason lavi sa se tèt chaje wi gen dji kap cheche vizaj uncle wi.
@josephlunieOFF@guyno_duverne Trè byen pou pòs Lunie men se pa premye edisyon kanaval rejyonal chak @fortliberte toujou òganize kanaval ki pat gen anplè sa li genyen jodia otorite yo toujou fè sa yo kapab paske leta pa janm bay kob
@jaykovinht Ou te dwe mete nan tèks ou a nan epok li tap pale a peyi a pat nan eta sa petèt lè sa si se li menm kite vin prezidan peyi patap rive la. Nan sa nou ye jodia se pa sou li komanse non plis li vin jwenn yon peyi ki deja brize an plizyè moso, li ka toujou eseye rekole ki pa fasil.
@josephlunieOFF Misye fò anpil nan sousi pou yo di lap goumen ak gang li responb li ka chef polis la sitou noml ap site li blese tèt li lap chèche mwayen pou ogmante chans li.