Maten an pandan mwen pwal lekol tout lidem dim desann a pye,epi mwen kwaze ak sèvo sa,premye reaksyonm msouri epi mtonbe filme
Pays a chaje ak sèvo,men malerezman pa gen ankadreman pou yo,kounya si blan mete men souli la nap tou pa jwenn li ankò,Ann ankadre sèvo sa yo👏🏽✨💯
Atis ou konnen se boss ou ki boss nèg ki fizye ASAP yo, ou konnen ou bay sistèm nan kowòm chak lè di mèsi AYITI olye w di BOSS ou yo mèsi!
Apre SEXY L'ARTISTE, HTALIBAN, ASAP ak lòt, kiyès li pral ye ankò????
R.I.P. 🕊 LAJENÈS
Jènès ayisyen lè a rive,moman sa se moman poun sèvi ak latè sèvi ak dlo ke peyi nou ban nou poun mete mang nan vant nou,nou pap anrichi pèsonn anko pandan yap imilye nou,nou pa égaré anko nou konpran bien klè ke desten nou se nou ki mèt li se pa zót🪴♥️🫂🤍🌱
Depi yon moun ou te konn apiye menm ekip gangstè politik ki t ap distribiye zam nan geto yo pou yo kenbe pouvwa yo, enben ou ta dwe fè silans. Paske ou koupab tou!
Aprè yo fin asasinen Evelyne Sincère nou leve kanpe pou 2 jou.
2 jèn dansè mouri nou fè menm bagay la.
Yo touye Antoinette Duclair nou refè l menm jan an.
Toutotan se tanzantan n ap endinye, se plis fòs ak plis tan n ap bay kriminèl yo pou fin touye nou tout.
ENDINYE POU BON!!!
Pa janm panse yon atis ap gen plis enpòtans pou yon kriminèl ki deja konn abitye touye enjenyè, doktè, ti machann, chofè moto, chofè taksi… Se lavi MOUN ki pèdi enpòtans!
Etan m ap fon tounaj nan Port-Salut, m tou filme solèy la k ap kouche. Peyi sa twò bèl pou n kite l nan men vagabon!!!
#NoFilter#Haïti#FilmProducer#Filmming