Jou Ayiti 🇭🇹 gen travay nòmal, gen anpil Djaspora moun Ayiti pral bloke nan telefòn. E gen anpil gason ayisyen ki p'ap gen fanm, paske gen moun se sèl nesesite ki te ka fè'w jwenn li pou derespekte 🤷♂️🙌
Okenn fanm pap kouri sou 6-pak nan lestomak avan 6 machin nan pakin.
Si objektif ale nan gym 🏋️♂️ ou se pou fè fanm kouri dèyè w, depoze altè a, al chèche travay parese. 😤🔥
Mwen santim paka plede pou li ankò 😳😳Tank map eseye defann li se tank l'ap fè'm pran imilyasyon🥺.Sa se Kòmantè yon fanatik anba videyo yon atis.🤭🤣🤣🤣.....Devine ki Atis
Map raple'w lanmò se youn Nan pi gwo ènmi nou genyen sou latè. li enpòtan pandan'w vivan an pou'w chwazi yon bon kote pou nanm ou ale aprè lanmò ou 🙌. Mwen pap diw sa pou fè'w pè men se pito yon konsèy 🙌. Actes 4:12.
Imajinew ou trè enfliyan sou yon platfòm epi chak fèt,wap pwomote yon pakèt bwason for free 🤔😂
Tandiske y'ap peye lòt enfliyansè menmjan avèw Pou menm sa wap fè for free an,ou serye🤔😂😂
Si ou pa respekte kapasite lòt moun genyen ke ou menm ou pa genyen, Gen moun ou pap janm rive fonksyone avèk li.
Nb:moun ki konnen sa li ka fè a p'ap janm aksepte pou'w ap pyetine li e fèl parèt tankou yon enbesil🙌🙏
#un_homme_une_histoire
Yon bon maten n'ap leve n'ap jwenn yon mizik de yon atis evanjelik ft ak yon payen kote yon pati ap louwe nom Christ lòt pati a pou loas yo. Nèg isit pagen anyen yo pap fè pou lajan ak manje san rann kont ki kalite dega sa ka koze.
#un_homme_une_histoire
Majorite atis ak enfliyansè ki te oubyen ki nan sektè evanjelik lan konplis nan vann legliz lan nan yon imaj ki pa sa ditou, tou senpleman paske yo jis popilè san konesans pawòl la🙌. Gen anpil followers san konesans nan yon domèn se yon danje sosyal ki ka devye anpil lòt 🙌.
Pi gwo erè yon moun te ka fè, lèw fè yon bagay ou wè lòt moun nan pa reyaji epiw panse sa fini la.
Nb: lèw pa tande bri advèsè a se lè sa a pouw plis pridan tande. Tout gwo siksè yo prepare nan yon moman kalm e silans.
#un_homme_une_histoire
Ananias enfliyanse saphira li fèl bay manti menm jan avèl e yo sibi menm pèn.
Nb: pa kite pèsòn enfliyansew fè yon bagay ki pap bon pou ou e ki ka metew an difikilte. Te mèt se pwòp paran ou, pwòp mariw oubyen madanm ou. 🙌
#un_homme_une_histoire#sonleyjeanjoseph
Lèw se yon moun ki enfliyan, yon senp reyaksyon/aksyon ou ka lakòz anpil dega, Toujou evite fè parèt emosyon ou sinon wap detwi pwòp tèt ou nan yon fasonw pata panse e depiw nan komèt erè aprè pouw vin mande eskiz sa ap koz ou raz e lèd nan zye anpil moun #un_homme_une_histoire
BonDye te di Abraham lap benil, Li te di Joseph sa tou, e li te di David lap vin yon wa men li pat esplike yo pakou yo te gen pou pase. Nb:Dye pa esplikew pakou lap fè avèw la se pouw pa dekouraje, men mete sa nan tèt ou: li pap fasil tande,metew djanm pouw fè wout la tande. 🙌
Youn nan bagay mwen renmen nan roi David se paske l pat janm yon moun ki rankinye, kontrèman ak pwofèt Jonas. Jwenn posiblite pouw vanje de mal yo te konn fèw, menw refize...Saa mande reflechi. E pafwa advèsè a pa menm rann kont se yon chans ou bali men li stil ap pouse kòl 🤦♂️
Mete sa byen nan tèt ou: menmsiw gen BonDye avèw gen kèk bagay ki ka parèt twoub pou ou, se pa paske li enkapab men se paske fòk ou pase etap la🙌🔥
#un_homme_une_histoire#BonDyebeniw
Gen kèk enfliransè ou wè moun ki nan vi'w lan pran plezi pou gade e menm pran yo kòm modèl li, te mèt sepa jodiya men ou mèt tann rezilta a paske lap vin tankou yo oubyen pi mal ke yo🙌🔥✍️#sonleyjeanjoseph#un_homme_une_hist0ire