$300 BILLION DOLLARS TO IRAN??!!!
Trump agreed to give Iran $300 BILLION dollars for reconstruction cost after Trump bombed Iran.
Are you kidding me? What an embarrassment!
Americans are getting screwed again!!
If you don't know the history of Trump's grandfather, y'all need to listen to this. You'll be even more repulsed and disgusted by the psychotic shitstain's treatment of immigrants. 😳👇
Update : Yon imigran ki poko fin kòdyòm isi epi rive fè siksè, ou se yon ewo, sa raple m konsèp « La volonté de puissance ” pou m site Nietzsche. Ou imajine w menm kat pou ale travay se yon baryè, ale nan kolèj ou pap kalifye pou financial aid mete sou anglè se teke wap teke mo.
Ki jan de asistans ou ka atann nan men avoka ou, reprezantan oubyen Certified Document Preparer a nan demann dosye azil ou an?
Pou kòmanse retire sa nan tèt ou: Moun pa ekri istwa pou moun, sa vle di pa atann youn nan 3 moun mwen site la yo pral ekri istwa w pou ou dayè li pa tap fè sans tou pou yon moun ki pa konnen ou ekri istwa w pou ou. ( Lwa isi pa dwe ak sa).
Sa m di an klè wi, dayè an bon tèm li pa yon istwa li se yon rapò, yon deklarasyon, yon ensidan oubyen yon divital ensidan ki te pase tout bon vre kidonk se ou ki pou esplike zafè ou. Yon rezon anplis pou di laverite!
Koulye a men ki asistans ou ka atann nan men 3 antite yo:
✔️Ede w konprann lwa azil Ozetazini epi idantifye sou ki baz legal (ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik, oswa gwoup sosyal) ou ka fè demann ou an.
✔️ Pandan yo pap ede w ekri deklarasyon ou an men yo ap ede ou mete istwa w lan nan lòd tankou kilès ki te fè w mal, ki dat, kote, poukisa—epi asire l klè, onèt, epi pou pi piti 3 paj (double lign). Se sa ki fè m te refere ak ekriti jounalistik lan (5W).
✔️ Daprè istwa ou an yo montre w ki kalite prèv ou bezwen: rapò lapolis, dosye lopital, lèt temwen, rapò sou peyi a, menas sou rezo sosyal, elatriye.
✔️Se enpòtan pou yo verifye pou tout sa ou di sou fòm lan, nan deklarasyon an, tankou yon bèl ekzanp si tout fwa ou te Chili nan 2020 ou pa ka gen nan deklarasyon w lan ki di nan 2020 jouska 2022 ou tap etidye nan Inivèsite Kiskeya. Enkonsistans!
✔️Yo ka ede ou evite erè, fot nan tèks ou an ak vye kontradiksyon oswa erè ki ka fè ofisye a doute de kredibilite ou. Yo ka asiste nan fòmate epi kite rapò ou a clean, epi ready to go.
Pa gen bouyi vide nan sa, se yon travay ou pral prezante devan yon ofisye/ Jij ak yon reprezantan ministè piblik ki pral analize sa ou di yo epi poze ou kesyon.
Pou fini daprè yon rapò (TRAC), peyi tankou Ayiti pa byen plase nan peyi ki genyen anpil azil se paske deklarasyon yo mal ekri paske moun yo deside fè zafè yo pou kò yo epi yo pa rive konekte istwa yo ak Ground yo kalifye pou yo an.
Pa bliye sa : ou fè azil pou genyen pa pou jwi benefis ( La Lwa pa vle sa), dosye ou dwe byen prepare se pa monte sou yon fèy epi ou lage, gen yon metodoloji pou sa.
Pa bliye règ jwèt lan: Rien que la vérité!
Old school? Gen moun ki refize pran sèvis online paske fòk yo wè moun lan menm devan yo ki ap ba yo sèvis lan, fòk yo ba li lamen oubyen fòk konnen kote li rete avan yo fè l konfyans.
Banm raple nou sa Etazini siyen Electronic Signatures in Global and National Commerce Act (ESIGN Act) depi 2000 ki vle di anpil siyati elektwonik gen menm valè ak lè ou rale yon plim papermate epi ou siyen sou yon fèy papye.
Poukisa mwen fè pwen sa? Kesyon sa toujou parèt bizarrrrrrre lè yon moun ap mande adrès fizik yon biwo ki ap ede li kòm si li ta pral nan DGI. Nope! Etazini gen plis pase 23.24 milyon biznis ki ap opere online. Epi fòk nou wè li konsa, si pou yon sponsor te sipòte yon benefisyè li te dwe ale nan yon biwo oubyen ale fil fòm I-134 lan nan USCIS konbyen moun ki tap bon? Si pou yon moun te touche taks li, li te dwe ale nan yon biwo IRS kòman plis pase 160 milyon moun tap rive jwenn refund yo si se pa nan kèk click.
Konbyen fwa nou ale nan yon lokal Amazon pou ale chèche yon bwat oubyen yon tenis? Si nou kontinye ap panse 100 lane dèyè adaptasyon an ap difisil pou anpil moun. Se vre nou ka gen ti dout si yon biznis online poko rekonèt men se pou sa gen google tankou pou verifye legalite yon biznis (map pran Florida kòm ekzanp) verifye si li anrejistre sou Sunbiz.
Bon Jedi!