8 Lane Aprè: pi gwo albòm solo ki sòti depi lè a
KGY pa sèlman on albòm, se tout yon konsèp, Se Tout yon mòd lavi, se pa san rezon malgre Nivo prodiksyon m trouve Dèf Depase KGY anpil fwa sou lòt pwojè men KGY ret Yon Mit nan tèt jenerasyon sa
Rezon an Senp, G on fason majorite moun te wè Rap avan KGY g on fason yo wè l aprè, KGY rive Kreye yon fanbase pou modèl RAP sa,kote tout Moun ki chwazi fè modèl Rap sa tou benefisye, Se KGY ki vinn Retire Mit On Rapè ka Underground Pandan li rive kreye yon fanbase epi rive fè siksè ke tout moun ka konnen l, san w pa oblije vin Mainstream, Dèf ak KGY tou vin pwouve tou ou ka sòti tèt ou san pyès gwo ekip san Medya tradisyonèl sa n gen nan swadizan HMI sa la , brèf KGY Se tout on Lekòl, Se tout on Demach Atistik ki pa jis vinn kole on lo mizik ansanm aprè w tnde Albòm, li klè depi aprè aparisyon Dèf G on fason moun yo vinnjije fason Rapè ap ekri l, E KGY ret Mezirèt la.

PS: Pi Gwo Tracklist ki fèt nan listwa Rap Ayisyen an
Suiv Nou, Nou kite pa n, Like Majik
Nou Fantastic, sa Bazik, Klasik Kou Dilemma
4 referans nan on senp line pou GRANMÈT la, An n Al wè Ansanm:
1-suiv Nou nou kite pa n Dèf Fè Referans ak youn Nan pi Gwo Gwoup nan Rap ayisyen an kise Majik Click ki te sòti on Albòm e non Albòm te titre « SWIV NOU »
2- Anndan menm Albòm sa Majik Click te g on Track ki te titre « FANTASTIC » Dèf tou refere avè l pou l di suiv li koz Rap Sa Trè Fantastic tnkou pa Majik la
3- epi Dèf kontinye pou l di Sa « BAZIK » laa Atis la f on referans doub sans youn kote w tou wè l ladann pa Bliye atis la gen 2 Track ki titre BAZIK (detraktè yo ap sou men yo😆) men tou pou rete sou menm Liy majic Click la, Pa Bliye nan Koze Hip Hop la pou pi Presi nan Rap ayisyen an,yo konsidere Gwoup Majic Click la se Te Baz Rap la menm e nou p ap Bliye Youn nan Slogan Anblematik pa bò isit « BPC Santral la, Majik Click se BAZ la)
4- Pou fini Dèf f on janbe lòtbò dl, ak youn nan pi Gwo Klasik Si se pa t pi gwo an pou l di Rap sa Klasik Kou « DILEMMA »
Dilemma se titre on Single ki te sòti nan lane 2002 pa rapè Nelly kote l te feat ak Kelly sou li( epòk Tout moun te komanse met pansman bò machwè yo pou fè Stil🤣)
https://t.co/M8JeTMoajL…
#DèfReferans
#PlanNou
GRANMÈT
Album des premières fois !
Premye albòm Dèf ou pa tande vwa Tètè k ap rale zòrèy li
Premye albòm Dèf li pa site non "Pasa"
Premye albòm Dèf avèk 0 feat
Bab yo blanch, GOAT la grandi
ALBUM DE L'ACCOMPLISSEMENT 👑
PI GWO A
#GranMèt >>>
Se ra rapè atè a w ka oze kesyone plim li, eckèk apre echèk jouk tan l vin yon GRAN MÈT, gwo bout tonton pwojè
Top 3 m yo
Kado
San kouwòn
Moso mwen menm
#Granmèt
Depi #RèvakPlim ou pa janm varye nan sijè a, e w toujou rete djougan ak koz lit la.
Mèsi sèlman n ka di w @DfiAyiti.
Pi wouye, pi koupe !
Ou fè l ak rap sèlman, sa koz karyè w plis pase enspiran.
Ou se GOAT la !
13 an ap ret mizik @DfiAyiti m plis renmen,HBD atis mwen🫡
Ou vini ou fè enposib la,san gran mwayen jis yon rèv ak yon plim
kòm DA,Pwodiktè,Rapè,Ou gen anpwent ou nan mizik isit