@zantrayla@pimpnewstv@JeSuisDansalou@Gaelleactrice Se pa grangou pa dous li di a pou gade, se mande pou kondisyon egzistans Ayisyen amelyore a. Ki peyi moun fyè paske gen grangou ladann. Nou serye? Depi kilè viv byen te peche? Mande pou kondisyon lavi moun chanje se yon ensilt?
Batay kont grangou nòb e bazik
Maten an ou atake m fò papa,ou mache sou mwen,men tout sa w di yo se Manti. M konprann,mwen pa Timoun,PM nan bay defansè dwa moun nan yon ti kòb ba wou pou w voye bay fanmi w kanada. Sa w tande a,m te gentan twò piti pou se separe nan 4 kafou. Mwen se Pitit Manman Notre Dame!
Maudeline Joseph, connue sous le pseudonyme « Maude » sur TikTok, a été arrêtée vendredi 27 novembre dans l’après-midi à Bercy, commune de l'Arcahaie, par des agents du BOID. Elle est soupçonnée d’entretenir des liens avec le gang de Krisla, opérant à Carrefour, et est actuellement gardée au commissariat de l'Arcahaie. Une vidéo montre Maude en train de twerker dans une piscine. Selon plusieurs sources, il s’agit d’un hôtel situé à Carrefour et contrôlé par les gangs criminels de Krisla. #PAPPOST #Haiti
Se mwen ki poun ta di sa grann mwen pran Ayiti💔 gen yon gwoup nèg ki genlè ap viv depi 1804 rive jounen jodia, ki ap defini kiyes ki Ayisyen ak kiyes ki pa Ayisyen sou orijin paran w oswa koulè po w, depi yo bezwen imilye w oswa vòlè tè w.
Avanyè la, dèyè n t ap koupe klou nan espere sa SCOTUS te pral di paske nou pat vle pèdi estati ameriken nou
Avanyè la, lè ICE te fin anraje nan lari a, se tchalenj paspò ameriken nou t ap fè pou montre nou pa kanmarad moun
Men jounen jodia, nou kanpe an gran lam de otorite siprèm pou di kiyès ki ayisyen ou pa tankou nasyonalite ayisyen an se byen prive nou pandan yon lo nan nou, lè nou ta rive vin nan menm Ayiti sa, lang anglè ak paspò etranje nou an se pi gwo flex nou ak zam pou rabese ayisyen
Chak jou n ap pwouve si Ayiti te pami sa k pi devlope nan karayib la pou lòt nasyon t ap vòltije vin lakay nou, nou t ap pi mal pase MAGA yo
Gochis kay moun epi gran lam de ladwat lakay nou
D.Fils-Aimé bay anpil kòb pou atake m sou rezo yo.Tout moun konnen,mwen pa danse kole ak Gang,mwen pa nan Koripsyon.Mwen pa gen Dosye.Koupe m kout je,pa manyen m ! Nou klè sou sa,Yon Premye Minis Tranzisyon pa gen dwa gen platfòm politik li.Fòk gen Sekirite anvan Eleksyon fèt.