Kisa ki libète ?
Eske w lib lè yo prive w de edikasyon, de lamanjay, dwa pou w sikile kote ou vle lè ou vle lib e libè?
Ou ka pa yon esklav, men w pa lib.
*Tande pou konprann* ✌🏽bonjou
Dèfwa se pa promès yo ki pa kenbe.
Men lè nou grandi, nou vin gen matirite, nou jis wè bagay yo yon lòt jan.
Fò n avanse !
*Tande pou konprann*✌🏾Bon nwit💓
Li pi fasil pou lòm chache ti detay pou kritike w ke yo ba w valè ou merite.
Ebyen pa chache respè nan men pèsòn, travay pou respè vin jwenn ou
*Tande pou konprann* ✌🏽bonjou
Aprann achte pou yo pa vann ou la mizè w
Gen bon konprann pou yo pa ba w pote lèt kondanasyon w
Kale je w pou yo pa fè w kòde kòd ki pral pann ou
Mande koze pou yo pa fè w fouye pròp twou w.
*Tande pou konprann* ✌🏽bon week-end
Pagen afè se rezilta sèlman ki konte.
Wi moun pral aplodi w, men Sa nou fè ak konsyans la.
Fyète w se lè ou ap panse ak kote w te ye, ak efò ou fè pou w rive kote w ye a san zak malonèt.
*Tande pou konprann* ✌🏽bonjou