Élie Séjour, se yon ayisyen ki pwofesè fransè an Ajantin. Li ap travay nan lise franse Jean Mermoz. Ane sa a, konseye pedagojik li yo ak paran elèv yo mande li travay yon mizik an kreyòl epi pale de istwa Ayiti. Li deside chwazi "Dyaman nan Bidonvil" Zafem. Apre kèk seyans travay ak timoun yo yo rive fè prezantasyon sa a. Nan jou kap vini yo Dener Ceide ak Reginald ap rankontre timoun via ZOOM. BRAVO ELIE!!!!
Jiska epòk 1970 tout diri 🍚 nou te konn konsome an Ayiti a se te diri 🍚peyi. Nou pat konn achte diri etranje. Bagay la vin chanje nèt. Malgre tou, anpil moun toujou kontinye pwodui, men kantite nou enpòte a vin 5 fwa plis pase sa nou pwodui a. Ann pran 5 minit pou n konprann zafè diri a pi byen. Pataje l. Mèsi.
🔵Pran kèk minit pou tande reyaksyon mwen sou deklarasyon Gouvènè BRH la ki te di semèn pase : “LE SECTEUR FINANCIER SE PORTE BIEN”. Se yon moso nan emisyon dimanch lan. "Kòman yon sektè finansye ka ap byen mache pandan ekonomi an ap mal mache? Gade ti videyo sa pou ka jwenn repons lan. Pataje l nan tout rezo nou. Mèsi. #EEE 🔵