@avokapepla@avokapepla se pa sou X pou vin plenyen... se pou pran lari menn jan ou te konn fè sou ansyen prezidan, pou al di @citoyendidier son di vokanbo kap mache🤔🤔🤔 Se Jojo ou pat pè or What?
Sa fè 46 mwa depi teworis yo touye Prezidan nou #JovenelMoise#Haïti#Teworis yo te deja montre jan yo sinik depi lè yo te fè "peyi lòk".
Pèp la sonje jan teworis yo an 2018, tap boule lekòl, lopital, sant fòmasyon pwofesyonèl, komisarya polis ak maché. Fanm, tifi te sibi tout kalte violans. Teworis yo te menm menase koupe tèt elèv si yo te gen malè al lekòl. Yo kidnape frè ak sè nou. Yo boule ti bébé tou vivan. Teworis yo touye pitit pèp la nan Solino, nan Delmas 30, Kafou Fèy, Savien, Kenscoff, Leogane, Mibalè elatrye...
Asasina Prezidan an louvri je Pèp la e fèl pran konsyans ke sistèm teworis sa dwe krazé.
Pèp la ap òganize defans li kont sistèm ensekirite sa ke oligak yo mete andedan leta. Répons pèp la gen poul dirèk.
Menas, entimidasyon, pap fèl fè bak. . Sistèm nan pèdi somèy. Li santi pèp la ap rive sou li.
Malgré tout blokaj ak sabotaj lajistis gen pou li triyonfe. Wè pa wè sekirite, Lapè ak Amoni gen pou retounen an Ayiti.
#JistispouJovenelMoise