Se te toujou mechan ki an premye
se yo kap régner
si mond sa son pyèj
mw son mouch🪰ki tonbe
non twal araignée🕸
#Yon_powèt_Toumante🚶🏻♂️…
#Track7
Itinéraire c’est l’album 💽🎶
M’gon swaf vanjans
tankou chamo ki anvi bwè dlo
m’panike pi mal
tankou lè mouch tonbe nan kivèt dlo
#Yon_Powèt_Toumante🚶🏽…
Tit👉🏽Remak✍🏽
#Track10🎶
Album 👉🏽Itinéraire 💽
Bay piti pa chich
pa kwè sèlman nan moun kap fè gwo zèv
kite yon gren’n je sou fanmi’w
pou’w pa bliye sa yo te fè Jozèf
èske’w raple’w kisa Kayen te fè Abèl
si yon cheni vin papiyon
yon papiyon se yon cheni ak zèl.
#Jérémie17v5#Track7#Album_itinéraire💽✅🎼
Se yon peyi
lè yap met dòmi nan je’w
ou pap bezwen gen dòmi
lè katouch ap fè bri
gen somèy pap ka fèw dòmi
politisyen yo ap goumen
se sèlman pou pouvwa
lapolis afebli,bandi yo pran pouvwa.
#Se_yon_peyi🇭🇹track 5
#itinéraire🚶🏽… #Album💽🎼✅
Fè efò
pa vle diw pap pran echèk
eh pa bliye
pran echèk tou
pa vle diw paka fè plis efò.
Map obsève
m’fè kòmsim pap swiv.
lavi sa vle soule’n
pa gen lòt chwa
ke goumen poun pa ivre.
Lè rèv yo pran tan pou yo reyalize
kritik yo ka fèw santiw aneyanti.
menm jan lè pwomès yo
pran twòp tan nan wout
yo vin sanble a manti.✍🏽
#yon_powèt_toumante🚶🏽
Mw repete mo #pwoblèm nan
nan diferan tèks mw ekri,eh sitou sou album nan.
Men domaj! mw gen enpresyon moun yo sèlman fè alizyon a diri ak pwa 🤦🏽♂️ou pap ka viv normal nan mond sa,si sèlman wap viv san chache konprann,san poze kesyon
san fè konprann janw konprann
#yon_powèt_tmt