Yon twoupo san bèje, ap toujou fasil pou bèt devoran anvayi'l pou devore tout sa ki pase anba je yo. Depi lyon franchi pòt bèjri; l'ap toujou fè dega paske se pa lanmou yo te vinn fè a mouton yo! Solisyon'k posib la, se tout viktim yo'k pou ini fòs yo pou yo graze bouwo yo. Amèn!
Lè se mafya kap dirije, ou dwe vijilan! Eske'n t konnen koze okipasyon k'ap pale a, se yon senp amizman yo kreye pou fèmen je'n sou tout deriv ariel yo? Se menm mafya sa yo ki fè'n konnen gang yo pifò ke leta,pou yo pa demantle yo. Nb: enstabilite ap garanti pouvwa yo pou lontan
Kilè n'ap fout di non? Enflasyon 55%, chomaj 85%, 158g pou 1$, defisi bidjètè 56 milya g, kontrebann 70%, kwasans 1%, pouvwa acha 2%, dèt ekstèn anviwon 4milya$, bidjè 267 milya g, pandan menm yon bourèt fatra pa ranmase.Eske n'ap rete bra kwaze bay jenosid Ariel la rive sou nou?
Men 4 rezon'k ka motive yon ayisyen danse kanaval jodi a: manfouben, inyorans, manipilasyon, sanwont! Mw ka toujou dk ak moun ki pa lèse'l sikonbe pa poblèm yo! Men yon moun ki moun tout bon, pap kite bouwo kap detwi'l yo, al fè'l danse mizè'l pou jistifye vye lajan sal ak pouvwa
Se avèk anpil lapèn m'ap konstate anvi moun yo manifeste pou kite ayiti. Si'w pa konnen'w ka menm kwè se espedisyon moun fè dèyè yo. Men tout sa rive la a, akoz yon bann mèsenè ki pase nan tèt peyi a, ki te sèlman vize fè gwo lajan sal; olye yo te konstwi yon baz solid pou ayiti.
Sevre gen moun k atrape pwogram Biden nan tankou se lamann ki sot nan syèl tonbe sou tè, pou delivre moun ki pase 40 tan ap soufri nan dezè. Men jamè'l pa kle paradi! Anpil fwa se paske'n kwè gen paradi'k rezève pou nou aletranje ki fè'n neglije lakay. Nb: peyi a ap peye'l chè!