Mwen fè 12mois ap poste mennaj mwen nan statut WhatsApp ni Facebook ni instagram
Mw wè l pa janm postem menm yon fois leu pandan ane a pral fini an li poste yon blòdè lidil joyeux Noël 🎄 my baby....mw sanlè pawè sil ap swete l bòn ane wi😔
@Jhanedouze
Concours de recrutement de 80 agents à l’AGD : plus de 3 000 candidats en lice
Port-au-Prince, le 24 août 2025. – L’Administration Générale des Douanes (AGD) a organisé, ce dimanche, son concours de recrutement visant l’intégration de 80 nouveaux agents douaniers.
@avokapepla Ou fin bayo zam nan kanpe dèyè barikad kounia Ou bzwen detwi yo
Se janw leve timoun nan ou pat panse yo tap vin pimal kunia papa gang janw te konn bloke e kraze peyi a avèk yo nan foule béton
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Pwogram Biden lan pa yon pwogram konsa konsa, se yon kou byen kalkile ki nan avantaj Etazini, nou pase kòm tiwòch ki goute grès ladan l, kite m di nou tou se pa yon pwogram mwen kwè ki ko ap kanpe si Demokrat kontinye pran pouvwa. Niche dwèt nou, glise l sou ekran poun konprann plis sou sa:
Pou m klè ak nou, pa mete nan tèt nou gouvènman pral vin vide vant li la pou l di nou tout sa ki nan nannan pwogram lan men, bon sans ap ede nou konpran sa ki ap pase la.
Pou m kòmanse, nan premyè faz manda li an, zòn mas 2021, prezidan Biden mande VP Kamala pou ale nan “root causes” pwoblèm imigrasyon, sa VP an te vrèman fè lè li tap miltipliye rankont ak peyi ki fòme “Northern Triangle” ( Guatemala, El Salvador, ak Honduras ) jous kontwole pasaj imigran kap antre sou fwontyè an kòm koulwa ki kapab menmen migran Meksik pou bout Etazini.
Se te yon gwo kalkil, anpil presyon te fèt sou moun kap òganize pasaj ant peyi sa yo pou rive Meksik.Gouvènman remake anpil moun kap travèse pou vini Meksik yo jwenn konplisite peyi “Northern Triangle” , ebyen Venezuela, Cuba, Nicaragua ak
Ayiti pa rapò ak pwoblèm yo genyen yo pat sispann ponpe moun pou rive sou fwontyè a, gouvènman tou pouse yo sa ki rele “Humanitarian Parole” kòmanse ak Venezuela, pou kontwole jan yap antre #Etazini epi koupe wout yo tou pandan li tou kreye yon koulwa legal pou yo antre Etazini.
Pou fè moun kwè nan pwogram lan gouvènman pwofite fè anpil moun antre sou li vrèman jous pou pran konfyans ladan l sa ki pral bay yon gwo rediksyon migran kap pase sou fwontyè kòm rezilta (78%). Pwogram lan gen yon travay sikolojik li fè lakay ou tou, rete tann pandan yo gen kontwòl kantite moun yo ka fè antre, tankou nan faz nou ye la jodia la , se la pwogram lan te vle rive , pran mou grenn pa grenn pandan ou toujou gen lespwa ki dekouraje w pran wout fwontyè oubyen wout lanmè.
Daprè nou, si pwogram lan pat enpòtan pou gouvènman oubyen si Kamala pa tap kontinye ak li ou panse yo pa tap koupe l sèk pou frap li bay kanpay Biden ak Kamala. Non, pwogram lan kote yo te bezwen l lan, aplikan yo vin tounen moun kap tann rezidans pandan Anbasad fèmen nou pran ekzanp Ayiti.
Se gwo kalkil, nou ka wè pwogram lan pa kanpe, ale swiv @touwillchinwa pou nou wè screenshort li yo, yo toujou pran kèk grenn moun. Ak gwo rediksyon sou fwontyè a, kontwòl bouton pou pèmèt moun antre lè yo vle, kontwole migran depi Meksik ak CBP1, nou ka di yo reyisi , nou jwe wòl ti wòch nan grès men Ameriken pap janm fè yon bagay ki pa nan enterè l avan. La, si w pat konnen l, mwen ba nou nan jwèt konsa ak nesans “Humanitarian Parole” lan. Se yon refleksyon marye ak data, ou ka pote agiman pa w pòs sa!
Bon wikenn!
#CHNV #Cuba #Venezuela #Nigaragua #Haiti