Tizè Kode se yon platfòm pou aprann pwogramasyon, kreye sit entènèt (HTML, CSS, JS, React, Python, Django). Objektif nou se bay yon fòmasyon de kalite.
Kòde chak jou pandan 20 minit sèlman vo mye pase ou pase 5 èdtan ap kòde yon sèl fwa nan semèn nan. Poukisa? Paske sèvo a bezwen repetisyon poul ka entegre lojik pwogramasyon an. Lèw fèl chak jou, kòd la vin tounen yon abitid, yon refleksyon.
Poukisa nou dwe aprann pwograme? Paske pwogramasyon se nanm teknoloji modèn nan. Se li ki bay aparèy nou yo entelijans yo genyen an. San kòd, yo pa tap itil anyen.
Pwogramasyon pèmèt nou bay yon sistèm yon objektif, rann li itil epi rann li vivan.
Teknoloji a pa tann pèsonn. Si nou pa entegre zouti dijital yo nan fason nap aprann, travay, ak fè biznis, nap vin envizib nan mond demen an. Tranzisyon an kòmanse nan pran konsyans ak fòme tèt nou jodi a.
Èske n ap rete sèlman konsomatè, oubyen nou pare pou nou vin kreyatè?
Mank adaptasyon nou ak teknoloji a se youn nan pi gwo baryè ki anpeche nou avanse pi vit.
Li lè pou nou metrize zouti ki lye ak epòk nou.
Pa bliye vizite : https://t.co/tEVAiZ1KSu kreye kont, konekte, aprann
Aprann pwograme se pa sèlman memorize sentaks, se pote solisyon a problèm reyèl ki nan lavi kotidyen nou.
Kòmanse piti, men kòmanse jodi a. Ki langaj wap aprann nan moman?
#tizekode#aprannkode
Pou nou pwograme, nou dwe dabò chwazi yon langaj programasyon
Chwa depann de sa nou anvi kreye
JavaScript rann sit entènèt yo vivan...
Python itilize nan AI ak analiz done...
Kotlin ak Swift sèvi pou kreye aplikasyon mobil
#tizekode#pwogramasyon#code
Aprann programasyon pa difisil jan anpil moun pansel la.
Li pa mande pouw nan inivèsite oubyen ap etidye syans enfòmatik.
Sal mande se volonte, detèminasyon e sitou anpil pratik
epi yon jou wap rive kreye saw pat janm imajine te posib
#tizekode#AprannKode
Programe(kode) se aktivite kote ke ou bay yon machin des instructions poul transfòme yon ide an reyalite.
Dèyè chak apkikasyon, sitwèb, jwèt... genyen kòd ki ekri pa yon moun, ki ka oumenm a lavni.
Aprann kode se aprann kreye mond nimerik la olye ou sèlman itilizel.
Pwogramasyon se fondasyon teknoloji modèn nan.
Se li ki pèmèt aparèy nou yo vin “entelijan”.
San li nou patap genyen WhatsApp, X (wap li sa la), acha anliy, sistèm bank, GPS...
Aprann pwograme pa sèlman itil
se yon gwo avantaj nan mond jodi a.
Mèsi a tout moun ki deja abone a Tizè Kode soutyen nou konte anpil mèsi a @sasssssae paskel fè yon bèl marketing. Objektif Tizè Kode se rann aprantisaj domèn ki lye a nouvèl teknoloji yo pi senp, pi aksesib, pi fasil. Se komansman yon bèl avanti byenvini a tout moun ki deja abò.