Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Konsèy Elektoral Pwovizwa,ki gen Jacques Desrosiers reprezantan laprès, nonmen Uder Antoine kòm nouvo Direktè egzekitif,17 avril 2026 la, pou ranplase Philippe Augustin. Se yon retou pou Uder Antoine, ki te kite pòs sa nan lane 2019 pou al travay nan yon òganizasyon entènasyonal.
Premye minis, Alix Didier Fils-Aimé, te vizite 7 avril 2026 lopital OFATMA nan Okay pou verifye fonksyònman ak amelyorasyon ki fet nan sèvis yo li vizite plizyè inité tankou sant dyaliz la Pandan vizit la, li remèt plizyè anplwaye lèt nominasyon pou ranfòse ekip la #voixpublique
Sekretè jeneral @PresidenceHT la, Marie Élizabeth Régine Joseph Haddad, fè konnen nan yon nòt ki soti 31 mas la, vandredi 3 avril 2026 ap jou ferye. Tout administrasyon piblik, antrepriz ak lekòl ap fèmen sou tout teritwa nasyonal la. #voixpublique
Ministè Ekonomi ak Finans, sou rekòmandasyon Konsèy Konsiltatif la, anonse nouvo pri ofisyèl gaz yo ki pral antre an vigè 2 avril 2026
Gazolin : 725 goud/galon
Dyezèl : 850 goud/galon
Kewozèn : 845 goud/galon #voixpublique
Ministè Komès ak Endistri fè konnen pa gen okenn mank gaz sou mache a, epi pwodwi yo disponib nan sikwi ofisyèl yo. Li entèdi vann gaz ilegalman,espesyalman nan galon oswa lòt resipyan ki pa konfòm.Daprè @MCommerceHT,moun ki pa respekte mezi sa yo ap sibi sanksyon. #voixpublique
MENFP felisite Abigail Alexandre 21an, ki soti Jakmèl, pou viktwa li nan 9yèm edisyon konkou entènasyonal Eloquentia 25 mas 2026 la, youn nan pi gwo konkou elokans an frans.Ministè a fè konnen siksè sa montre potansyèl jèn ayisyen yo ak kalite sistèm edikatif la #voixpublique
CEP pibliye jedi 26 mas 2026 la, lis pati ki otorize pou patisipe nan pwochen eleksyon yo. Sou 320 pati enskri, 282 jwenn apwobasyon. Daprè enstitisyon an, pati ki pa apwouve yo gen jiska 2 avril 2026 pou konplete dosye yo nan @cep_haiti a. #voixpublique
Premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé lanse pwojè “Kat ou la” nan ONI pou ranfòse sistèm idantifikasyon an Ayiti,Li fè konnen kat idantite a se yon kle pou demokrasi,500 000 kat deja disponib, ak 250 000 nouvo kat kalite siperyè ap enprime pou sitwayen an Ayiti ak nan dyaspora
Sandra Paulemon, Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, ki ap asire enterim nan Ministè Afè Sosyal ak Travay pandan Marc-Elie Nelson an deplasman ofisyèl nan peyi Brezil, enstale Lovely François kòm Direktris Jeneral ONA a, madi 24 mas 2026. #voixpublique
Direktè jeneral @DIEHaiti a, Antoine Jean Simon Fénélon, Direktè pwodiksyon an Jean Oslin Lambert ak plizyè lòt anplwaye, DCPJ arete lendi 23 mas 2026 la. Yo sispèk nan bay paspò ilegalman ak etranje, daprè plizyè medya. #voixpublique
Miguel Joseph rejwenn seleksyon senyò Ayiti a
Kapitèn U17 yo jwenn premye apèl li nan ekip senyò a pou ranplase Carlens Arcus ki blese. Yon gwo opòtinite pou jèn defansè a montre talan li sou sèn entènasyonal la. #voixpublique
Yon avyon kago ki fè pati konpayi IBC fè yon sòti de pis nan ayewopò Antoine Simon, nan Okay, vandredi 20 mas la.
Selon temwen yo, avyon an fini kous li sou wout nasyonal la. Okenn viktim pa rapòte. #voixpublique
215 polisye kenyen kite Ayiti 18 mas 2026 pou retounen Nairobi, nan kad yon reyòganizasyon misyon entènasyonal ki gen sipò ONU. Dapre pòtpawòl la, Jack Oumbaka, sa pa vle di Kenya ap kite misyon an, men se yon etap pou fè plas pou nouvo ranfò ak rive nan anviwon 5,500 ajan #vp