@DigicelHT hello helllooo….
Depi ye mwen plan Roaming pou 3 jou (data ak voice) Bahamas. Selman yè mfe yon Apel.. Apre sa anyen pa mache..
Mwen jwen sinyal Aliv, data roaming open..
mesi pou sipo nou
Lontan lè y ap kwit manje lakay mwen
M konn pase anba mal nan kwizin lan pou m di moun k ap fè manje an li pa bezwen banm gwo bout vyann, just banm ti pye ak ti zèl.
Lè konsa bòl sòs mwen gen 3 zèl poul 4 pye poul.
Se depi lakay mwen m ap defye system lavi an😂😂😂
Mwen espante sou li maten an, mjust di Zen Pete… souvan anpil moun pran lavi a nan 1er Degre selman. Nan Riches kou nan Povrete, nan Sante kou nan maladi, etc..
Se kontras lavi a, dualite lavi a.. li répète Sante kou maladi, li bliye si maladi ka bay povrete🤷🏾♂️
Mwen m pa gen pwoblèm ak yon moun ki twouve sa k te di an funny, se dwa l, se chwa l, men pa mande pou m wè l funny tou paske m gen dwa sa ak chwa sa🙂
Nan maryaj lè yo di “nan sante kou maladi, nan richès kou povrete”, se pa jis yon bèl pawòl pou seremoni an, Se yon angajman pwofon ki rekonèt yon verite ase senp: vi an gen 2 fas, gen moman wo, gen moman ba, Gen lajwa, gen difikilte, sesi se sa yo k fè yon relasyon reyèl tout bon.
Lè yon moun di “nan richès sèlman”, li klèman retire mwatye nan angajman sa lol (m pa bezwen konn si l te gen milyon sou kont pa l la, se yon fay nan yon moman sakre konsa)
Sa vle di klèman l dispoze rete sèlman lè bagay yo bon, relasyon pa teste sèlman nan fasilite 🙂 li teste nan difikilte tou, Se lè gen ti moman razè a, lè gen sante k febli, lè lavi bay bon jan presyon, pou w wè vrè valè yon patnè w genyen😉
Sa gen plizyè danje ladan l:
Li montre yon vizyon relasyon ki baze sou enterè, pa sou lanmou ni respè. (Menm si se an blag li fè mesaj la pase)
Li tou fè konprann si sitiyasyon an chanje, li ka vire do l fasil ( dayè l te avèti w)
Li kraze prensip solidarite ki fè yon koup solid, li klèman kreye yon relasyon ki depann de kondisyon, olye l chita sou yon angajman… (nou pral di m egzajere, men m jis pale selon mesaj ki fè pase a🙂)
Yon moun ki rantre nan maryaj ak lide sa pa pare pou tout dimansyon relasyon koze maryaj mande a, ( li pa t oblije dakò marye tou🙂)
Paske maryaj pa yon senp kontra pou pwofi sèlman, se yon alyans pou travèse tout sezon vi sa ansanm.
Se poutèt sa pawòl sa pou mwen m di byen wi “POU MWEN” sa k repete nan moman seremoni sakre sa se yon “red flag” klè, e l pa jis yon blag mal plase; li revele klèman yon mantalite ki ka mennen gwo pwoblèm pita, Nan lanmou, ou pa sèlman chwazi solèy, nou dakò mache ansanm menm nan moman lapli ak gwo loray k ap gwonde…
Si yon moun pa pare pou tou 2, li pa vrèman pare pou maryaj😉
Osi senp kòm bonjou!
Bro bel Campus wii...
Se sel Ayiti pou ta neglige ak maltrete yon inivesite konsa...
Lab infomatik la gagot net, maltrete, chalè ap tiyew andanl. Mjust konprann, fok li nan eta sa pou moun la wel nan UEH. Depil bel fok li prive 🤷🏿♂️🤷🏿♂️
Etidyan yo an mod Be Cool.. sinon li tap konsa
@Nalingiye sak pousew di koze sa bro... mpase nan Inivèsite nan mwa sa, bagay la bay tet fe mal.
Seramik yo leve, pagen mentions ditou. Menm etidyan yo ta dwe mete yon komite asenismam andan.. epi ta ranmase yon ti kob pou swivi sa yo..
Nou mal pwop vreman 🤷🏿♂️
Inivèsite Limonad la te kwè se manje bèt nou kite pouse ladan l,epi m di n t ap Twalèt nan teleferik nou estomake,bann foli pi Ayisyen,gen salòp pase nou😆
Pou sa k kwè nan grandi ansanm yo, kreye ansanm yo, avanse ansanm yo, vwayaje ansanm yo, jiskaske n vyeyi an
Klasik sa se pou 🫰🏾
Tandans sou tiktok ak plis pase 140,000 challenge!🔥
Hit🔥
https://t.co/qcnEl49B3j
@AdoAdo02 Se yon sije ki vreman delika Mwe gade anpil X ki ap fet depim maten.
Sof sam ka di, nan sa @Gaelleactrice jou anpil nan nou gason konn kek bagay medam yo konn ap reflechi de koze fantasm yo, nou ka sezi wi.. sa pa vle di ke medam yo al fe yo… mkonn sa ap di a..
Yon ti pale sou NLP (Natural Language Processing)
NLP se yon domèn nan entèlijans atifisyèl ki konsantre sou fason òdinatè ka konprann, analize, epi reponn ak lang moun itilize chak jou. Objektif prensipal NLP se fè machin yo kapab kominike ak moun nan menm fason nou pale oswa ekri.
Nan tan lontan, sistèm yo te baze sou règ senp ak diksyonè. Men, ak devlopman teknoloji ak plis done ki disponib, metòd yo vin pi avanse. Jodi a, anpil modèl itilize teknik ki soti nan aprantisaj machin ak rezo neral pou analize tèks ak diskou.
Gen plizyè aplikasyon enpòtan NLP genyen nan lavi chak jou. Pa egzanp:
•tradiksyon otomatik ant diferan lang
•chatbot ki ka reponn kestyon moun
•analiz santiman nan kòmantè sou rezo sosyal
•rekonesans vwa (Amazon Alexa)
Genyen tou plizyè lojisyèl ak zouti ki itilize NLP. Pa egzanp:
•ChatGPT ki ka reponn kestyon epi ede ekri tèks.
•Google Translate ki tradui tèks soti nan yon lang pou ale nan yon lòt.
•Siri ki konprann kestyon itilizatè yo lè yo pale.
•Grammarly ki ede korije gramè ak amelyore fason moun ekri.
Malgre tout pwogrè sa yo, NLP toujou gen defi. Lang moun konn gen anpil anbigwite, sa vle di menm fraz la ka gen plizyè sans diferan selon kontèks la. Se poutèt sa rechèch nan domèn sa a toujou ap kontinye pou fè sistèm yo konprann lang moun pi byen.
An rezime, NLP se yon teknoloji ki ap chanje fason moun kominike ak òdinatè, epi li gen yon gwo wòl nan avni entèlijans atifisyèl. 🤖📚
@AdoAdo02@Stevex00712 Bro se pa sel ou nn, nan premye match li jwe ak Lyon. Mdoute piga se yon chans, piti a anchene 3 match ap bay plezi… mwen etone bro
Mwen panse Misye se gol li konn Fe selman… 🤣🤣🤣 epi piti a gen teknik sou li wi
Pou 2026, ou pa ka pa gen yon kat biznis.
Ou se yon brand.
Ou se yon biznis.
Ou pa ka kontinye mache san idantite pwofesyonèl.
Ou pa bezwen peye pèsonn yon pil lajan pou fè sa pou ou.
📱 Ale sou App Store
🔍 Chèche app ki rele Blinq
🪪 Kreye pwòp kat biznis dijital ou an kèk minit
Kat biznis pa yon liks.
Se yon zouti.
Si ou serye ak objektif 2026 ou yo,
kòmanse pa parèt tankou yon pwofesyonèl.
NouPay est une solution fintech & social media innovante conçue pour simplifier et sécuriser les transactions en Haïti entre les différentes plateformes financières. Grâce à une intégration intelligente des réseaux sociaux, NouPay permet de connecter facilement des services comme MonCash, NatCash, les applications bancaires, cartes et portefeuilles numériques, au sein d’un seul écosystème fluide et accessible. Pensée pour les créateurs, les petites entreprises, les commerçants et le grand public, NouPay transforme les réseaux sociaux en véritables canaux de paiement, favorisant l’inclusion financière et l’économie numérique en Haïti. NouPay est un service de Nousocial, dédié à connecter, simplifier et faire circuler la valeur dans l’écosystème digital haïtien. 🚀💳🇭🇹 @Nousocialmedia@inclusionmedia_ #NouPay #Nousocial #FintechHaiti #InclusionFinanciere #EconomieDigitale #PaiementDigital #SocialMoney #SocialMediaFintech #MonCash #NatCash #HaitiTech #HaitiDigital #CashlessHaiti #InnovationHaitienne