Direksyon Depatmantal Levasyon Latibonit lan, fè konnen tout pwofesè ki te patisipe nan kou ratrapaj pou ane akademik 2024-2025 la dwe verifye kont NatCash oswa MonCash yo. Daprè direksyon an, depo pèman an deja disponib.
#Levasyon#Latibonit#Edikasyon
Plizyè milye fidèl pwotestan ansanm ak anpil lòt moun ki poko konvèti te patisipe nan premye jou Gran Kwazad Ministè Rafa a, anba direksyon Apot Job FENELON, lendi 15 jen 2026. Aktivite a te make pa moman lapriyè, adorasyon ak predikasyon.
Nan yon korespondans ofisyèl ki pote dat 09 Jen 2026, Komisyon Minisipal enterimè Gonayiv la, anonse nominasyon Mesye Marc Henry Antoine kòm Direktè Afè Sosyal nan Meri Gonayiv la.
Asosyasyon patwonal siyatè yo mande Gouvènman an ak CEP pou yo travay ansanm ak bon lafwa pou debloke pwosesis elektoral la. Yo mete aksan sou eleksyon kredib, transparan e enklizif kòm sèl chemen pou estabilite peyi a. #Haiti#Elections#Democracy#PoliticalStability
Asosyasyon patwonal siyatè yo mande Gouvènman an ak CEP pou yo travay ansanm ak bon lafwa pou debloke pwosesis elektoral la. Yo mete aksan sou eleksyon kredib, transparan e enklizif kòm sèl chemen pou estabilite peyi a. #Haiti#Elections#Democracy#PoliticalStability
DGI selebre 102e anivèsè li ak yon bilan pozitif nan modènizasyon fiskal, kote Leta anonse plis pase 58 milya goud kolekte ant oktòb 2025 ak Me 2026, pandan Gouvènman an mete aksan sou transparans, digitalizasyon ak ranfòsman sistèm fiskal la pou devlopman peyi a.
#AyitiAnAvans
Berthony AUGUSTIN, kapitèn La Belle Étoile de Kayon, viktim yon exostose nan cheviy li. Daprè enfòmasyon yo, jwè a ap rete lwen teren yo pandan anviwon 22 jou. Komite Club la deja pran angajman pou asire tout swen medikal nesesè yo pou fasilite retou rapid li nan konpetisyon yo.
BINUH anonse li pral continue kowòdone sipò entènasyonal pou eleksyon an Ayiti, pandan lap akonpaye CEP ak otorite ayisyèn yo nan preparasyon pwosesis elektoral la, jan manda Konsèy Sekirite Nasyonzini an prevwa. 🗳️🇭🇹
#Ayiti#Eleksyon#BINU
Sekretarya Jeneral Prezidans Ayiti, anonse ke tout administrasyon piblik, komès, endistri ak lekòl yo ap fèmen atravè peyi a,jedi 4 jen 2026 la, nan okazyon Fèt (Fête-Dieu), daprè Dekrè 11 desanm 2024 la.
#FeteDieu#Haiti#Actualite#Presidence#Journalisme
Sekretarya Jeneral Prezidans Ayiti, anonse ke tout administrasyon piblik, komès, endistri ak lekòl yo ap fèmen atravè peyi a,jedi 4 jen 2026 la, nan okazyon Fèt (Fête-Dieu), daprè Dekrè 11 desanm 2024 la.
#FeteDieu#Haiti#Actualite#Presidence#Journalisme
Avansman enpòtan pou pwosesis elektoral la! Konsèy Minis yo adopte a inanimite pwojè dekrè elektoral la, jounen 2 jen 2026. Yon etap desizif ki louvri chemen pou òganizasyon pwochen eleksyon yo ak ranfòsman enstitisyon demokratik peyi a. #Haiti#Elections2026#ConseilDesMinistres
John Kely CÉNAT te prezan nan enstalasyon nouvo Konsèy Minisipal #Answouj la. Li pwomèt pou akonpaye ekip la pou rezoud divès pwoblèm komin nan ap konfronte. Li lanse yon apèl ak tout pitit Answouj pou kolabore ak Konsèy la pou devlopman komin nan.
Aprè masak Kokorat San Ras la fè nan Bayonè, madi 26 me 2026 la, ansyen komisè Enock Génélus anonse li pral pote plent kont tout moun Bendjy site kòm moun ki te patisipe nan kreyasyon gang lan. Li mande lajistis pran dosye a oserye. #EnockGenelus#KokoratSanRas#Bayone
Sant Anbilans Nasyonal (CAN) fè konnen li genyen 48 anbilans ki fonksyonèl, ki deja repati nan 10 depatman peyi a. Nouvo administrasyon an anonse li pran angajman, selon direktiv gouvènman an, pou ogmante kantite anbilans yo, amelyore sèvis ijans pou popilasyon an atravè peyi a.
La Primature fè konnen Premye minis Alix Didier Fils-Aimé mete sekirite ak pwodiksyon nasyonal nan sant batay pou refè Ayiti 🇭🇹. Yon apèl pou inite, travay, disiplin ak eleksyon lib nan yon klima estabilite.
#LaPrimature#1eMe#Ayiti#Sekirite#PwodiksyonNasyonal
Nan okazyon #FètTravay la, Prezidan KONSA, Claudia Jean-Fils, salye tout travayè ayisyen yo, sitou Jakmèl. Pandan li mete ansksan sou difikilte ak move kondisyon travay, mank sekirite ak valè. Li kwè jèn ak travayè yo dwe patisipe nan desizyon peyi a. ✊🏾🇭🇹 #Ayiti#Travay
Nan yon kontèks imanitè ki grav, PM Alix Didier Fils-Aimé chita pale ak Princesse Sarah Zeid (ONU) sou sekirite Ayiti , moun ki deplase ak pwoteksyon fanm ak timoun yo. Yon Apèl klè: plis solidarite entènasyonal pou Ayiti. 🇭🇹🕊️ #Ayiti#Diplomasi#KrizImanitè
Dirijan ekip “Rêve D’Or” ekip ki soti Answouj, mete fen nan rimè kap sikile sou rezo yo konsènan yon posib absans yo nan 48èm edisyon Mundialito 2026 la. Yo konfime ekip la ap patisipe , pandan yap anonse sezon sa a ap pi move, e yo pwomèt ane sa a se “4èm vitès” la yo pwal pase.
Okap te an tansyon! Popilasyon an kouri dèyè Minis Zafè Sosyal ak Travay, Marc Elie Nelson, pandan distribisyon kit alimantè dimanch 27 avril. Selon enfòmasyon yo, PM Alix deja rale zòrèy minis la. Sitiyasyon an kontinye mete gouvènman an anba gwo kritik ⚠️
#Okap#Ayiti#Politik
Joseph Dorlean enstale kòm nouvo kòdonatè Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè (PNCS) nan Latibonit, vandredi 24 avril 2026. Li ranplase Sheinaider Alcerès e li pwomèt pou ranfòse pwogram nan pou pi byen sèvi benefisyè yo atravè depatman an. #PNCS#Latibonit#Ayiti