Jean - Baptiste Wesnime: Pandan n'ap konpare pri gaz ayiti ak lòt kote yo sonje konpare salè minimòm yo ak pouvwa dacha yo tou.Salè minimòm 350 goud (yon jou) nan segman E a galon diesel 353 goud . Aryel ou mèt lage pyew malandren.
Aktivis politik lan Jean-Baptiste Wesnime, fè konnen li pral denonse tout nèg kap sal imaj direkte (FNE) Jean Ronald Joseph pou rezon politik, kòm kwa yo gen nèg yo fè dil politik avèk yo pou ta vin'n direkte bwat yo rele FNE a, enbyen se byen konte mal kalkile pou mafia politik.
Anpil òganizasyon sosyal,reprezantan mouvman djaspora lakay Bernard Auguste,mande la Jistis pou arete mèt Caleb Jean Baptiste,nan dosye (FNE) a,kòm avoka ki pa respekte etik metye a,nan fè difamasyon, nan mache ransone moun pou kòb nan bwat leta ,nan monte dosye bidon san tèt.
Reprezantan sektè jenès la Jean Baptiste Wesnime, fè konnen plis pase 3 mwa anpil moun kite lakay yo san yo pakonn ki sen pou yo rele.Mizè ,grangou,ensekite vle koupe souf pèp la .Depi 38 ane gouvène vle di pou nèg ak fanm pa bò isi anrichi tèt yo anyen pou pèp,annou viv ansanm.
Ankèt reprezantan Mouvman Djaspora Lakay lan Bernard Auguste mennen sou mèt Caleb Jean Baptiste fè konnen misye se yon anakè kap mache ransone moun pou kòb nan fè difamasyon spesyalman sou DG (FNE) a mesye Jean Ronald Joseph. Caleb dwe al reponn kesyon La Jistis lè gen bon Peyi.
Kòdonatè sektè jenès la Jean Rénold Cénatus, fè konnen François 1er imobilye sèvis deside mete yon pwojè kanpe pou moun bandi te boule kay yo nan kapital la ,kòdonatè a fè konnen chak moun kapab rantre nan pwojè sa kote chak moun ap benefisye pwòp kay pa yo nan tèt kole.
Pòt pawòl sektè jenès la Jean Baptiste Wesnime, Fè konnen arestasyon Arab la se yon kidnapin deta tout peyi a dwe mobilize pou yo lage frè nou Arab, Fòk revolisyon an fèt kanmenm twòp konze ap kraze peyi a nan mete ensekirite deta fè pèp la ap mal viv. Ariel se yon zwazo bèk fè.
Responsab fowòm Jistis lan Laurent Thermitus fè konnen komisè Edler Guillaume ap byen travay nan tèt pakè pòto-pwens lan responsab la fè konnen CG Edler Guillaume pa danse kole ak rakete kap ransone moun pou fè lajan, Pèp la dwe kanpe ak CG a kòm moun ki onèt kap bay sèvis.
Kòdonatè sektè jenès la Jean Rénold Cénatus,mande pèp la pou yo sipòte travay komisè gouvènman Pòto-pwens lan ap mennen kont moun kap vòlè tè, kase pakè, fè fo mada, kòdonatè a mande minis Jistis la Emeline prophète pou ranfòse sekirite CG Edler Guillaume paske dosye yo sansib.
Aktivis politik lan,Jean-Baptiste Wesnime anpil moun konnen sou non JB pòt pawòl sektè jenès la,fè konnen matrakaj politik nèg isi ap fè kont komisè Edler Guillaume paka jetel atè,pòt pawòl la mande pm Ariel Henry,ak tout minis jistis la pou ranfòse sekirite CG Edler Guillaume.
Selon pòt pawòl sektè jenès la Jean-Baptiste Wesnime, fè konnen fòk minis jisti la, ak pm Ariel Henry pa pran nan konplo kap fèt kont komisè Edler Guillaume nan tèt pakè pòto-pwens lan se yon kanpay denigreman,ak anpil matrakaj politik la jistis paka fonksyone sou baz voye monte.
Aktivis politik lan Jean-Baptiste Wesnime, anpil moun konnen sou non JB,mande pm Ariel Henry pou rekove manman chat yo bay pou Djina Delatour pou dwèt long siperyè nan tèt (PNCS) pou zak koripsyon nan distribiye manje elèv yo bay bandi a sapat, si Ariel pa konplis fòk li tranche.
Aktivis politik lan Jean-Baptiste Wesnime anpil moun konnen sou non JB, fè konnen sou radyo tele Monopole andikape kès asistans sosyal (CAS) rete ak demen yo anlè tèlman yo kontan travay direktè Jules Moïse ap fè nan bwat la,kote yo jwenn ti chèk yo, travay la vinn plis amelyore.
Reprezantan Regwoupman Solidè la Jenès, kòdonatè Jean Hérold, fè konnen sou radyo Galaxie, Lucner Désir, anpil moun konnen sou non Louco, ap pèsekite pa pouvwa defakto Ariel Henry a ki pap regle anyen nan tèt peyi a, si Louko te yon asasin tout bon nèg yo patap pèsekitel konsa.
Direktwa pwès viktwa lakay, voye yon gwo bon fèt ,pou kòdonatè jeneral sektè jenès la ki se Jean Rénold Cénatus kap fete dat nesans le 20 oktòb, nou swetè kodonatè a anpil detèminasyon ak siksè nan lavi li nan non Granmèt la.
Reprezantan Òganizasyon Kilti Sosyal Mistik (OKSM) , ki se Manbo Tamoumoune, mande pou tout klas sosyal nan peyi dayiti, pou yo mete tèt yo ansanm, pou chanjman peyi a sitou Djaspora ki pap viv nan peyi a, lakay se lakay fòk nou retounen nan rasin'n zansèt yo, plis fòs ak enèji.
Pòt pawòl sektè jenès la Jean-Baptiste Wesnime, mande liberasyon jèn fiy Camesuse, ki se pitit Camite Clérveau, se yon madan sara, ki goumen anpil pou peyi a, ki renmen moun anpil, pòt pawòl la mande mesye bandi yo pran yon ti konsyans pou jèn demwazèl la.