Epi yon bon jou nan plede eseye, ou jwenn fòmil la, ou jwenn bon ekip la, gwo van tanpèt yo apeze sou laviw, moun yo wè potansyèl ou epi baw espas pouw fè saw konn fè!
Epi yon bon jou, laviw te toujou ap reve a vin tounen reyalitew.
Jou a la, kontinye eseye!🤍
#lespwa#terapi
Mwen kontan pou m di nou mwen angaje kòm yon ekspè dizaynè endepandan pou youn nan Top AI lab ki gen nan mond lan.
Travay mwen se pou founi ekspètiz nan sa ki gen pou wè ak dizay ak eksperyans itilizatè pou pèmèt modèl k ap devlope yo pi pèfoman nan kapasite yo pou jenere entèfas itilizatè ak repons vizyèl ki kadre ak reyalite a e ki respekte estanda dizay yo.☺️
Benediksyon ou yo ka tounen fado pou ou, si ou pa aprann gade yo pou sa yo ye a. Paske benediksyon mande matirite ak konsyans pou l rete benediksyon.
#wilthere#terapi
M bay tèt mwen lanmou, rezilta a pa desevan ditou.✨
Solisyon an se anndan mwen li te toujou ye!🤍
Shot by @asphotography263
Retouch by me @dest_art_visuals
#terapi my new album is available everywhere!🙌🏾
Albòm multiCo. a disponib tout kote. Chwazi preferans ou epi kite w ale. M ankouraje w mete kas pou koute. Se yon konvèsasyon frajil...entim...sansib ant mwen ak mwen, mwen ak ou...ou ak ou. An nou pale.
https://t.co/WkNZkFag1R
Siw vin gen plis matirite jodi a, se paske ou nan anviwonman ki pèmèt ou sa. Nouvo vèsyon ou menm nan ta ka ofri yo pi bon jodi a, jis souri epi kontantew ak lide sa; men pa tounen kote yo tap gaspiyew la.
#terapi#quote
Wilthere @wilthere_ est un auteur-compositeur-interprète caribéen d’origine haïtienne, porté par une vision artistique profondément humaine. Son œuvre navigue entre douceur et intensité émotionnelle, mêlant musique, image et parole pour raconter des histoires de guérison, d’identité et de résilience.
Né et grandi à Saint-Marc, il se distingue très tôt sur la scène locale avant de se consacrer pleinement à une démarche artistique. En 2025, il lance Terapi, un premier album marquant, à la fois intime et universel, qui explore le pardon de soi et la reconstruction personnelle.
À travers ses projets, il invite le public à renouer avec ses émotions, sa culture et sa propre lumière.
🎧 Écoute, partage et fais partie du mouvement 🎤
#NouvelArtiste #terapi #TalentÀDécouvrir #MusiqueUrbaine #AlbumDisponible #DécouverteMusicale
https://t.co/ODjzFeljaW
https://t.co/MnEIzXwxLP
https://t.co/T1PCgZVOjY
https://t.co/1NBYJVjFdK
https://t.co/7Wp8tD2Nzs
https://t.co/8izh8d3K58
Nan mitan tenèb mwa jen ki sot pase la, mwen akouche yon albòm mizik. M ap kontan pataje l ak nou byento. Sa m rakonte yo se moso nan lavi m ak moso nan lavi nou chak k ap vwayaje isiba.
#multiCo. Byento. 🖤
---------
Desen: @StyArtwork
M renmen pwojè sa anpil anpil. M ap di plis sou li apre men lè yon atis itilize atizay li pou l geri tèt li epi pataje eksperyans lan ak limanite se yon gwo jès jenewozite. Mèsi man.
5 jiyè pou yon nouvo pwopozisyon atizay-medikaman ak @wilthere_
https://t.co/NKlKFKStR6
Lè gen gwo van, lapli se pa moman pouw soti pouw al kloure tòl ou ki pat byen ajiste, ou riske fè plis dega ke saw ta ka imajine. Ou dwe jis akwochew, mete sa ki presye yo an sekirite, kite move tan an pase, pran kè e tann solèy la leve.
Kwèm, lap leve pouw repare sak dwe repare.