@benscyr Mezanmi sispann remèsye leta malpouwont sa a chak sak rive nou, nou vin parèt renmen sa yap fè nou an…sispann ak koze mèsi leta peyi sa tankou se t byen yo tap fè nou a chak fwa
Lè te konn gen mach, grèv kont move jesyon, ensekirite ak pil lòt sa nap sibi a koz dirijan enkonpetan e movèz fwa. Pou anpil moun sete on mal. Nou chache tout jan poun dekouraje moun ki te pran pozisyon. "Kite timoun yo al lekòl" "kite peyi m mache" ... E kounya?
Li lè li tan pou non gen plis sitwayen angaje, li lè li tan pou nou mete men nan pwoblèm ki anpeche peyi nou avanse.
#platfompam#yonsèlayitiyonsèlpèp#ayiti