Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
Mwen santi anpil fyète kòm Ayisyen pou salye Melchie Dumonay 🇭🇹 ki fini nan klasman Ballon d’Or kòm 4è meyè jwè mond lan pou 2026. Melchie se pi gwo jwè Ayisyen ni fi gason ni gason nou janm konnen ki rive nan nivo sa ⚽️. Se modèl pou tout jèn nan peyi a. Se yon moun ki fè drapo 🇭🇹 nou rive lwen. M felisite l e m swete li rive nimewo 1 pou ane pwochèn. #BallonDor #football #Lyon #Haiti #Ayiti 🇭🇹 @dumornaycorven
Tonight, on my born day, I perform at the British Museum.
On Oct. 17, 1806, Dessalines was assassinated, after declaring Haiti independent in 1804.
Over 200 years later, a son of Haiti stands here.
They preserved the documents. We preserved the spirit.
Liberty or Death. 🇭🇹
#Haiti #QuantumLeap #ClefNotes
📸 ROWBEN LANTION
@wed78311@stephaniedouyon Di yo ou pa jwenn li paske fanmi li bal piga poul pa rantre lan rans konsa… Nou pa wè tout atak nou fè pa gen siksè? Tchuippp nou lèd anpil…
@stephaniedouyon@djerymixx@DJSuperDuke@colmixmadada I am still recovering!!! Pou yon ti pye tranpe, moun yo reponn… Ou imajine yon Hangover ak plan mwen te baw la? Wow!!!! Powerball please rive sou mwen🙏🏾
BOSTON, THANK YOU FOR THE LOVE! ❤️
To our entire Hangover Nation, you showed up and showed OUT! Despite the rain and traffic, nothing stopped you from partying with us. What an incredible night!
A huge thank you to all our DJs @djsuperduke@colmixmadada @djillnyce @djsl617 @djerymixofficial and a special shoutout to @pdous_chaloska_ for making the night even more memorable!
Much love to @lekapab @juke___entertainment @afrique_events @one_marketing_grp and everyone who helped bring this experience to life.
The only problem? THE NIGHT WAS WAY TOO SHORT! We know, we felt it too!
But trust us, Boston… WE’LL BE BACK! Bigger, longer, and even better!
Stay tuned for the next HANGOVER BOSTON.
HANGOVER — THE KEY TO HAPPINESS!
Video : @snake_701
Visuals and concept @snevol.studio
Visuals and art direction : @abdiaslaguerre