Toutotan travay edikasyon politik ak konsyantizasyon sitwayen yo pa fèt yo pap janm gen nivo angajman yo dwe genyen an. Fòk pati politik yo ak òganizasyon kominotè yo fè travay yo
#yonlòtpawòl
Pa gen dlo...
Pa gen faz...
Ayisyen ap sibi tout fòm vyolans
Fòk nou sonje plis moun ki nan sosyete a ap sibi vyolans se plis yap vin pi vyolan
#yonlòtpawòl
Pèp ayisyen, nou se yon sèl pèp ki fòme yon sèl nasyon
Nou genyen yon sèl peyi ki rele Ayiti
Pa kite okenn kolon blan ni kolon nwa divize nou ak okenn pawòl degrenngòch
Se ansanm pou nou sove
#yonlòtpawòl
Pawòl devlòpman pa bw�� nan menm sous ak pawòl koripsyon
Nan ka sa tout dirijan men yo tranpe nan koripsyon dwe bay talon yo
Si y opa vle bay talon yo ap gen yon leve kanpe jeneral nan tout peyi a
#yonlòtpawòl
Pa bliye nou te mete bosal yo deyò nan kongrè Akayè a
Nan ka sa nou ta sipoze fè yon lòt kongrè pou entegre yo
Se yonn nan mwayen poun rive rezoud kriz sosyetal sa kip a janm sispann wonje peyi a
#yonlòtpawòl