5 lane depi LAWOUZE
Fè konplo li voye touye
SOLÈY Poul k toujou kontinye taye banda
5 ane depi yap benyen nan pisin San Nou
Fin fèn bourike epi moute tab la san Nou
5 lane ...
Sispann pran NAZON tankou dezenfektan poun lave dann
Bay twòp manti souli finalman nou resi gate Sanm
Map fèn konnen sa'n di souli pap janm k afektel
Paske gen engra egri ki konn di pi mal aprè ki ekri ki felisitel
...
PNH la pou kòl ka rezoud problèm ki gen nan peyi a byen fasil
Yo k stope e neutralize tout gang a sapat yo
Men leta ak Anbasad pavle sa chanje
Yon revolusyon poun fè sin vle lapè tout bon
...
Siw poko Santi solitid
Chak jou ap plonje sou ou
Siw poko santiw envizib
Menlèw ta plen je sou ou
Siw poko janm santiw poukòw
Pandan w nan mitan on foul
Realite pam nan pou ou
Ap stil on ti jan flou...
"Opak"
Si Chak politisyen gen yon blan dèyè bannann ni
Se nòmal pou chak ayisyen tounen yon grenn bannann mi
Sèl pèp la
Ki k wete pèp la
Nan sa pèp la ye la
Yon revolusyon San fòs kote...
Nenpot Moun ki k pran Pouvwa a
San c pa CARICOM ni anbasad ki metel
Map kanpe avèl
Li lè pou tchoul sispann dirije peyi a Dessalines nan...
Nenpòt janl fèt fòl fèt
Revolusyon tout kote
Se dènye gout dlo Pou ranvèse vaz la
Se dènye kout tiwèl ki bouche kav la
Tankou zòt t di "sin pa parèt ansanm
Nap disparèt ti gout pa ti gout"
c sèl majorite ki fè silans lan
Kap k rezoud sa ki gen la
Leve kanpe poun al plante banyè'n sou tè libète'n...
Tout Ayiti ki pa bon pou Youn li bon pou yon lòt
Ak la fwa map tann Ayiti pam nan
Janl amè kou fyèl nan bouch Nou la
Li dous kou siwo nan bouch yon bann lòt
Bagay yo c anmiyanm kale ti 🐈
Ti 🐈 kalem map kale li tou
Menm group Moun kap bat bravo pou èpòt okay la jodia
Yè c yo ki tap trete baraj maryon an de rigòl
...
Menm debri Rex Teyat nèg yo t makiye a gen figi ke penti vèr la
Nèg yo ransè...
Map chachon Moun ki pou mennen peyim kanaran
Nou fè twòp tan nan dezè a Nou bezwen yon kanari
Lòt kote ap jete zwa nou toujou gen pa'n Aran
Nan prepare ti kou anbazong nou gen Panari
...
BIC
Anndanm gen 2 bagay kap moute desann
Ak tout boulin tankou kaskadè nan savann
Anndanm gen 2 bagay ke lajan paka HT
Mensi pyès moun pa janm mandem sam pot pou vann ...
BIC
Se vre c aksyon ki konte c pa pawòl
Men tout pay yap nome nan tèt peyi a c sèl Mme D.Dupiy ki t gen vwa pou pale pou nou yo paka manjel paske li pa yon sòyèt
Men yo flòch li
Nou pran nan konplo tout bon 😭