Ou menm k ap vin vann Boulos tankou ti sen sonje li se youn nan enstigatè sa kap pase sou Lasalin/Matisan an paske pou li mesye yo se Ajan Sosyal e li te konn finanse yo olye l finanse Fakilte Medsin
Al tande ak zòrèy ou
Si m byen konprann, al bay Lapolis Flè nan Manifestasyon son ak Ewoyik men kou Moise Jean Charles al nan antèman Jovenel Moise son ak alye k ap salye alye?
Senaryo k ap dewoule la a rape m Mondyal 2010 la, Ghana vs Uruguay
Uruguay rive yon kote pou l elimine, Suarez yon eleman kle nan Ekip la ilimine tèt li pou ekip la rete nan konpetisyon an, byenke yo te pwal elimine pi devan
Sèl diferans, se Suarez volontèman ki sakrifye tèt li
Jomo annik mouri tout ekip PHTK an, pami yo Gabriel Fortuné te kòmanse ap fè kwè se Boulos ak Dimitri ki otè entèlektyèl zak la alòske jounen jodi an m poko wè nom youn nan yo nan ankèt etranje yo ap mennen yo🤔🤔
#1- Claude Joseph nome Herns Mesamours kowòdonatè ONA. Herns Mesamours te enplike nan yon skandal komès viza ak ranje maryaj pandan li te nan konsila Ayiti nan peyi Bahamas. Minis afè etranjè nan moman an, Edmond Bochitt, te wetire Herns nan pòs la apre skandal sa a.
Menm mal la mesyedam PHTK yo fè l mal
1-Jedi swa rimè ap fè kwè Martine Moise di se pa mèsenè ki touye mari l, men pito se Mèsenè kolonbyen yo ki sove yo
2-Blop nan vandredi swa Tripotay Lakay (yon paj kèk ti mesye ki sou pewòl Palè ap jere) lage yon Odyo kòmkwa Martine pale
3-Moun yo pa kwè se Martine, mesye PHTK yo chanje bagay la yo pibliye l nan samdi sou kont Ofisyèl Martine Moise la pito
4-Mesaj ki nan Odyo an tèlman pa apwopriye, anpil moun kòmanse doute prezidan an mouri vre jan madanm li pale yo
5-Britsoukou nan aswè foto kadav la pran lari
Kidonk, pat gen sekirite kay prezidan an jou a? Kot sekirite rapwoche li yo te ye? Pa sipoze gen USGPN sou plas tout tan? Mwe jij de pè a pale de 2 sèvant ak yon gadyen ke yo mare. Pat gen sekirite alors?
Jovenel rele Responsab Sekirite l la a 1è di maten pou l di l tande anpil katouch deyò an, misye rive kay Jovenel nan 5è
Pou misye defann li li di l te rele yon lòt chèf ki di l sitiyasyon an sou kontwòl e mèsenè yo gentan kitr kay la
Poukisa misye pa t retounen prezidan apèl la?
@excusemiiiii Ipokrizi an ki konsa wi
La Prèv, gen youn nan moun ki komante twit ou an ki enplike nan plizyè dosye vòl ak malvèsayon men zanmi l yo tj ap defann li an piblik pandan yo ap di aba koripsyon wi 😂😂
Leon Charles ak Claude Joseph pran moun pou makak wi
An pou mèsenè yo ta fin touye yon prezidan epi pou yo te rete nan menm zòn nan? Pandan ke yo konnen yo tap fouye zòn nan
Pou nèg yo ta fin touye yon prezidan epi pou yo pran otaj? Otaj ap ka fè yo remonte a yo byen fasilman
1/3
Analiz pa m sou Lanmò Prezidan Jovenel la
Rive atake kay yon prezidan e asasine l san okenn nan sekirite l yo pa viktim, se prèv ke se yon kou planifye anndan PHTK an menm, prezidan an se eleman deranjan pou ekip la
1-Ekip PHTK an vle a tou pri Pwosè Petrocaribe an pa fèt