Pa konnen anyen nan foutbòl la sanble yon ti “disclaimer” pou adousi dezakò moun ka genyen avèk ou sou twit sa a. Men mwen pito pran sa nan sans ke ou pa viv jwèt la chak jou tankou anpil moun k ap suiv seleksyon an. Si ou pèmèt mwen, m ap pote kèk pwen kontradiktwa sou poukisa mwen menm ak anpil lòt moun gen yon pozisyon fèm sou #MignéOut la.
Sébastien Migné pran tèt seleksyon an an 2024 apre eskandal Pierre Jean-Jacques la, apre pasaj Gabriel Calderón Pellegrino ki te dire anviwon yon ane.
Se vre Migné mennen Ayiti nan Mondyal la apre 52 lane. Sa se yon reyalizasyon istorik e okenn moun pa ka retire merit sa nan men li. Men li pran seleksyon an nan yon kontèks ki pi favorab pase nenpòt lòt antrenè avan li. Nou nan premye Mondyal ki ap fèt ak 48 ekip, CONCACAF gen plis plas pase tout tan, epi youn nan gwo advèsè rejyon an te deja kalifye otomatikman kòm peyi òganizatè.
Men anvan kalifikasyon sa a, ki sa nou te montre sou teren an?
Nan Gold Cup 2025 la, nou elimine depi premye tou. Nou pèdi devan Arabi Saoudit ak Etazini, epi nou fè match nul ak Trinidad & Tobago. Mwen pa t renmen jesyon li nan konpetisyon sa a, men mwen te panse li te merite tan pou korije bagay yo.
Sepandan, limit li yo te kòmanse parèt pi klè pandan eliminatwa yo. Kont Honduras, li prezante yon plan jwèt ki pa mache ditou epi nou pran 3-0 depi premye mitan. Wi, nou kalifye nan yon gwoup ki te gen Costa Rica, Honduras ak Nikaragwa, men gen plizyè match kote ekip la te sanble pèdi direksyon taktikman.
Depi lè sa a, nou menm nan Bosal Sport te kòmanse poze kestyon: èske nou pa ta dwe gen yon pi bon antrenè oswa yon pi bon estaf teknik pou akonpaye jenerasyon sa a? Se pa jodi a nou ap pale de limit Migné.
Polemik sou chwa taktik li yo vin pi fò lè li kontinye ak 4-4-2 li a pandan anpil moun te wè yon 4-2-3-1 kòm yon sistèm ki pi adapte ak pwofil jwè nou yo. Olye li reponn kestyon sa yo sou teren an, li te konn minimize kritik yo epi rele yo “discours de bas étage”.
Kont Brezil, li pase nan yon liy 5 li pa t prèske janm itilize depi li rive sou ban Ayiti a. Rezilta a pa t konvenkan, ekip la te souvan ekspoze dèyè, e sa te ranfòse kestyon sou kapasite li pou adapte l nan pi gwo nivo a.
Migné se yon anplwaye. Nan okenn travay, paske ou te fè yon bon travay yon moman pa vle di ou gen garanti pou rete nan pòs la si pèfòmans yo pa satisfè ankò. Nou remèsye li pou sa li fè, men sa pa dwe anpeche nou evalye sitiyasyon aktyèl la.
Ou pale de kijan gwo seleksyon yo jere kestyon sa yo. Men egzanp yo anpil. Espay revoke Julen Lopetegui jis de jou avan Mondyal 2018 la. Almay revoke Hansi Flick apre move rezilta yo. Itali separe ak Luciano Spalletti apre yon peryòd ki pa t satisfè yo. Nan gwo foutbòl la, desizyon yo pran dapre objektif ak nivo pèfòmans, pa dapre santiman.
Pou mwen, pwoblèm nan senp: nivo jwè Ayiti genyen jodi a pa koresponn ak nivo antrenè a. Anplis de sa, tèt di li ak mank adaptasyon li fè ekip la plafonnen.
Se poutèt sa nou mande depa li. Pa paske nou pa rekonesan, men paske nou kwè seleksyon an rive nan yon etap kote li bezwen yon antrenè ki pi anliy ak kalite ak anbisyon gwoup sa a.
Nou remèsye Sébastien Migné pou sa li pote. Men ekip nasyonal la toujou pi gwo pase nenpòt antrenè, e pou anpil nan nou, li pa reponn ankò ak egzijans pwochen etap la.
#MignéOut
#MignéOut
Très déçu du résultat d’hier…
Dur à encaisser et à accepter mais, surtout, grosse pensée aux fans qui nous ont apportés leur soutien.
Quoi qu’il arrive, on se battra jusqu’au bout pour ce drapeau 🇭🇹
#WI18
Population du Brésil 🇧🇷 = 214.000.000 de personnes
Population d’Haïti 🇭🇹 = 12.000.000
La beauté du football c’est que CES DEUX ÉQUIPES S’AFFRONTENT CETTE NUIT, 02:30, à la Coupe du monde pour une affiche INÉDITE. 🤩🍿
Deux pays passionnés de football ⚽️
Qui sera devant ? 😁
Epiw te fâche lè camsir ak bellegarde te met karaktè li deyo😂😂
Epi Ou tap mande pou Casimir respecte patrice Dumont pou sal fè
CR7 pa fè li menm ,li pa lejand.
Depi se pa nou pase delko a son an toujou deranje nou
Men domaj pou ou pa gen sa ditou zenyèz🤡
Sa meri PV ap fè machann yo nan Tèt Dlo a se abi li ye. Se pou nou konstwi mache pou moun yo al vann, men koze pou majistra kanpe machin li, moun ak kagoul desann rigwaz nan men ap bat machann, choute machandiz yo, kraze afè yo a li pa bon. Sispann ak pratik makout sa yo!
#Ayiti
🚨 Marc Cucurella 🇪🇸 : « Je suis très reconnaissant envers tout ce que le Barça m’a apporté. IL FAUT RESPECTER LES OPINIONS !
Je n’ai eu aucun doute. Je suis très heureux de la décision que j’ai prise de signer au Real ! 😁🤍 »
🚨🚨 ISTORIK PEYI PÒTIGAL 🇵🇹NAN KOUP DI MOND :
Pòtigal se youn nan ekip tradisyonèl nan foutbòl mondyal Jiska Koup di Mond 2022 , yo te patisipe 8 fwa.
1966 (Angletè) 🥉
Premye patisipasyon Pòtigal.
Yo rive 3yèm plas , pi bon rezilta yo pandan plizyè deseni .
Atakan Eusébio fini kòm meyè bitè tounwa a ak 9 gòl.
1986 (Meksik)
Yo retounen apre 20 ane absans.
Yo elimine nan faz gwoup .
2002 (Kore di Sid/Japon)
Pòtigal rive ak anpil espwa.
Men yo pa pase faz gwoup .
2006 (Almay) 🏅
Anba antrenè Luiz Felipe Scolari, yo rive 4yèm plas.
Se te premye Koup di Mond Cristiano Ronaldo.
2010 (Afrik di Sid)
Yo rive nan wityèm de final.
Yo elimine pa ekip Espay ki te vin chanpyon.
2014 (Brezil)
Yo pa pase faz gwoup la.
2018 (Larisi)
Yo pase faz gwoup la.
Yo elimine nan wityèm de final pa Uruguay national football team.
2022 (Katar)
Yo fè yon trè bon tounwa.
Yo rive nan ka de final, kote Mawòk elimine yo 1–0.
Bilan jiska 2022
🏆 Patisipasyon: 8
🥉 Pi bon rezilta: 3yèm plas (1966)
🏅 Lòt gwo rezilta: 4yèm plas (2006)
⭐ Pi gwo lejand yo: Eusébio, Cristiano Ronaldo, Luís Figo , Deco .
#BOSALSPORT / #CoupeduMonde2026