Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an, ki te konn sibi anpil kritik pou ansyen fòmilè li yo, chanje direksyon. Direktè a, Jean Antoine Simon Fénelon, prezante « IKAT », yon fòmilè elektwonik pou ranpli 72 èdtan anvan ou vwayaje.
@DIEHaiti#PAPPOST#Haiti#Video
Dapre dekrè elektoral 2025 la, nenpòt moun Konsèy Sekirite Nasyonzini sanksyone pa ka kandida pou okenn pòs piblik kit se pou prezidans, Palman, lamèri oswa CASEC epi li pèdi dwa pou vote tou.
Plizyè rapò ankèt ULCC voye bay Paka Pòtoprens jodi lendi a.plizyè enstitisyon ak yon ansyen prezidan ladan yo. Rapò ki konsène Michel Martelly a ka pote gwo konsekans jidisyè pou li.
Rapò sou jesyon Jean Ronald Joseph nan FNE, ki deja anba avi rechèch ULCC.
Yè, nan Otèl El Rancho, te gen yon gwo moman istorik ak estratejik pou tout kominote ayisyèn ki gaye atravè mond lan. Ministè Ayisyen Ki Ap Viv Aletranje (MHAVE) lanse premye faz Pwojè « Katografi Dyaspora Ayisyèn ».
Natcom felisite Seleksyon Nasyonal la pou gwo viktwa sa ki pèmèt peyi a kalifye pou Mondyal 2026. Kòm rekonpans, konpayi an deside remèt 13 000 000 goud bay Seleksyon an. Natcom renouvle angajman li pou kontinye soutni tout sa ki pote fyète pou Ayiti.
L-won se youn nan atis nan moman k ap fè wout li ak anpil prinsip e ki toujou rete moun li ye a Ann kontinye Bali bourad pask li vreman gen avni.
Ki mizik ou pi renmen nan pwojè li yo.