Bro, youn nan pi gwo benediksyon an se lè Fanm ki nan vi w lan, estab finansyèman, men pi enpòtan se karaktè l, respè genyen pou tèt li, ak jan nou konplete youn lòt.❤️
M vle renmen w yon fason ki fè w pa janm doute de plas ou nan kè m, paske gen kèk moun ou pa rankontre chak jou, e lè w jwenn yo, ou sipoze kenbe yo ak tout lanmou w❤️.
M vle renmen w ak tout sa m ye, san blag, san kondisyon..
M pa pwomèt ou m p ap fè erè paske pèsòn pa pafè men m pwomet ou m ap toujou chwazi w ak tout kè m❤️.
Ego se youn nan pi gwo prizon yon moun ka bati pou tèt li.
Li fè moun pè mande padon, pè aprann, pè admèt yo te fè mal. Yo prefere pèdi relasyon, opòtinite, menm lapè, olye yo vale fyète yo. Se pa lòt moun ki fèmen pòt sa yo. Se ego yo menm.
Kondisyon lavi w ka chanje nan nenpòt moman men se si w kontinye travay, si w kwè nan tèt ou epi w pa janm abandone, opòtinite w la ka rive lè w pa t menm atann li. Pa dekouraje. Kontinye goumen, pi bèl chapit istwa lavi w dèyè.