Yon moun ou wè ki vin gen lajan ki gen mwayen poul viv byen epi w wè l toujou kiltive sajès lakay li, gade sa gran !
Paske moun isi depi yo gon bouda monnen yo vin awogan
Yon bann kandida pretann pale nan non lajenès, men chak fwa yo louvri bouch yo, yo mete aklè limit konpreyansyon yo ak dimansyon mechanste yo sou yon pakèt dosye. Sa k pi grav la, se kantite konfyans yo genyen lè y ap pale sou sa yo pa menm metrize. Pale nan non lajenès mande plis pase yon mikwo, kèk eslogan ak anvi pran pouvwa. Sispann sèvi ak lajenès kòm eskalye pou anbisyon pèsonèl nou. Si nou vle reprezante l, kòmanse respekte entèlijans li.