Si Leta Ayisyen bezwen rezoud pwoblèm ensekirite, sèvis entèlijans dwe jwe yon wòl enpòtan nan batay la. Olye lajan entèlijans separe pou ale nan pòch zotobre, li te ka ede pou monte pou yon bon sistèm ki ka kolekte enfòmasyon itil ki ka pèmèt Leta ranmase done sou gang yo, sou aktivite yo, deplasman yo, konvèsasyon yo nan telefòn ak rezo ki alimante yo ak zam ak bal. Sèvis entèlijans lan tap pèmèt tou ou konnen ki plan bandi yo genyen e ki aksyon yo pral poze. Teknoloji ka ede anpil pou ka tande telefòn yo e li mesaj yap voye, pou fè siveyans ak dwon e analiz sou sa yap fè sou rezo sosyal. Ofinal, entèlijans ap ede Leta anpeche bandi yo fè dega, e lap ede lapolis gen repons ki pi efikas.