Sa k ap pase nan Okap la depase opportunisme, se yon kous pou fè pwofi san mezi.
$100 USD/jou pou yon Suzuki Vitara 2003/2006 ki pa menm an bon eta, $2,500 USD pou yon studio… epi ann pale de kèk Hotel tou. Gen etablisman k ap mande pri ki ta fè w panse yo gen standard entènasyonal, pandan reyalite a souvan pi pre yon MOTEL pase yon vrè otèl.
LHR pri yo pa koresponn ak kalite sèvis yo, se pa sèlman vizitè etranje yo sa dekouraje; se touris lokal yo tou. Si nou vle fè Okap tounen yon vrè destinasyon, fòk pri yo jis, sèvis yo amelyore, epi kliyan yo jwenn valè pou lajan yo.
Gen yon bagay m pa fini konprann @Ayibopost ak @nouvelliste se 2 medya ki renmen pataje atik @MiamiHerald
Men depi lè John Joel komanse ap pale tankou pipirit m wè medya sa yo silans .
Asasen John J di li te fè 15 jou lakay chèf Gang Vitelòm , m sezi wè Pierre Esperans pa te janm bay enfòmasyon sa a tou .
🚨 BREAKING: Incredible moment as Artemis II pilot Victor Glover shares the Gospel mere MOMENTS before reaching the back side of the Moon, losing communication with Earth
"Christ said, in response to what was the greatest command, that it was to love God with all that you are." 🙏🏻
"And he also, being a great teacher, said the second is equal to it, and that is to love your neighbor as yourself."
"And so, as we prepare to go out of radio communication, we're still going to feel your love from Earth, and to all of you down there on earth and around earth, we love you from the moon." ❤️
Gen yon nouvo pwogram ki lanse ann Ayiti ki rele ProAI, ki vle ede peyi a antre pi seryezman nan mond entèlijans atifisyèl (AI). Pwogram nan prevwa fòme anviwon 125 pwofesyonèl, kreye yon rezo espesyalis IA, epi òganize plizyè rankont ak fòmasyon pou devlope konesans ak pwojè teknoloji nan peyi a. Objektif la se pou Ayiti pa rete dèyè nan revolisyon teknoloji k ap fèt nan mond lan, paske AI deja ap chanje fason nou travay, fè biznis, analize done, menm fason nou pran desizyon. Men an menm tan, kesyon ki merite poze se: èske Ayiti gen ase enfrastrikti, laboratwa, done ak plan nasyonal pou entèlijans atifisyèl devlope vrèman? Si pwogram sa byen òganize, li ka louvri pòt pou inovasyon, nouvo metye ak nouvo opòtinite pou jèn yo. Men pou sa rive, fòk li ale pi lwen pase fòmasyon sèlman, pou li rive kreye yon vrè ekosistèm teknoloji nan peyi a. #TEKTEK