Siw panse yon lòt ap fè bonè w plis pasem ! Pa Poze tet ou kesyon al jwenn li ! Pa enkyetew pou mwen ! map chache konn sam te manke, map tire yon leson. E map kitew pouswiv chemenw en espérant ou te gen rezon de chwa w pwan an !
Aprann valorize koneksyon ki bon pou ou,proteje relasyon kotew alèz,fè efò pou w kenbe lyen w ak moun ki fèw santi w byen.
Mond lan gen anviwon 8,3 milya moun,malgre sa gen moun ou kwaze ou pap janm jwenn on lòt ki ka fèw santi w jan l fèw santi w!🤍
Sa ki pi difisil la,se pa pèdi yon moun,Se aprann viv san yon moun ou te konn pale ak li chak jou,yon moun ki te konnen tout detay sou lavi w epi kounya li vin tankou yon etranje…
Si wap rann sèvis ak lide pou w resevwa yon bagay an retou konnen sa pa jenerozite. Lè w fè li ak tout kè w, ou pa atann anyen. Depi gen atant, sa pa yon kado ankò; li vin tounen yon echanj.
Pa janm bliye sa😊👇🏼
•Granmoun pa fè moun esplikasyon🙌
•Granmoun pa nan fè zen🤷
•Granmoun pa nan fè enmi🤗
•Granmoun PRAN DISTANS🙌
•Granmoun PRAN LESON✍
•Granmoun FÈ SILANS😷
☆Pa bliye moun ki pap regle anyen avèk vi yo toujou gentan🙌✅ AL