Map anonse nou ke mwen gen premye biznis mwen USA 🇺🇸kise yon production
Nom li se « Tchouproduction »
👉🏾Maryaj
👉🏾Fotochout
👉🏾Videyo mizik
👉🏾Film
👉🏾Feyton
👉🏾Entèvyou
👉🏾Gradiasyon
👉🏾Reklam
Ak anpil lòt bagay toujou ✍🏾kontakte nou pou w ka jwen sèvis po w la 🙏🏽🙏🏽🙏🏽
Pou n konprann dezòd ki gen nan imaj Repiblik Ayiti a gade pa egzanp Logo MAE a epi gade logo anbasad ak kèk konsila. Tipografi pa konsistan, palèt koulè dwategoch, senbòl plase vaykevay. Gade Anbasad o Canada a epi gade logo Consila menm Anbasad sa ki nan Montreal😭
Youn nan pi gwo erè @pnh_officiel toujou fè ak tout lòt fòs ki sou tèren an se paske yo tout rete “à la defensive" yo pa souvan pase “à l’offensive.” Sa m di la nenpòt tèt pete kapab wè li alewè pou mwen ki te konn pote yon vye revòlvè bò boudam.
Li tou antre tou nan yon demach syantifik ki rele “observation participante” sa vle di mwen konn kòman lapopo kondwi operasyon l yo.
Banm esplike nou pi byen:
Tout rezon ki lakòz gang gentan pran kontwòl 85% nan kapital la se paske fòs ki sou tèren yo sèlman batay ak yo lè yo pote batay la ba yo. Yon mòd operatwa ki pa fè sans ditou, sa lakòz tou anpil komisarya boule, bandi chaje ak inifòm polis. Pandan bandi yo ap mache sou nou, nou sèlman kontante nou nan repouse yo. Non! Li pa fè sans ditou paske yon moun ki ap atake ou gen plis chans fè yon bòt sou ou ke ou menm ki ap defann ou an. Se konsa yo rive boule anpil komisarya, kraze prizon. Si
chak jou bandi mennen atak sou yon komisarya ou, ou sèlman repouse yo, yon jou yo ka rive boule l paske nou pa janm ale mennen batay la ak yo nan baz yo.
Pi bon fason pou genyen yon batay se mete w nan plas atakan olye defansè an. Menm nan foutbòl, si yon gadyen resevwa anpil boul li ka fini pèdan alòske ekip ki ap pran chans fè gòl yo gen anpil chans genyen paske l fè anpil atak.
Jodi a li enpòtan pou Lapolis sispann rete “à la defensive”, nou dwe atake yo, krase baz yo, mennen batay la lakay yo ,epi mete nan tèt nenpòt ki koman nou ka avanyi yo.
Alaso!
🔵🔴 Li klè nan tèt mwen... Kèlkeswa moun ki sou pouvwa a la, depi se sou menm dikte #KominoteEntènasyonal la li chita, se lave men siye atè. Fòmil, leson, dikte entènasyonal la ap pote plis enstabilite. Li lè li tan pou n chanje lekòl. #Vision2000ÀLÉcoute#Ayiti
🚨pridan ak moun w ap pran nenpòt sijè avèk yo sou rezo a , e sitou ak ki tip de moun w ap pataje enfòmasyon pèsonèl ou
-Nan foto pwofil tout Moun Sanble ak Zanj
Nan deba tout moun sanble ak ti Jezi
Men kwè m sou vle li pa souvan sa w wè a 👀
Fè Konfyans men Ak Mezi🙏🏾
Pandan n ap tounen sou pase a, kòman fè polisye yo te toujou konn jwenn yon fason pou bloke manifestasyon epi yo pa janm ka jwenn yon mwayen pou bloke pwogresyon gang yo ?? Èske se vle yo pa vle ? Èske se lòd yo pa jwenn ?
Nou menm ki konn tout bagay sak dwe fè sa menm ?
Sila ki prale Legliz demen, pa al priye pou Bondye Beni nou, San nou pa gen yon proactive nap travay sou li..
Bondye di “yon moun ki San vizyon se yon moun ka depafini”
Pa paske w wè ak jew , ou gen lafwa, epi w pa gen yon aksyon kew ap pran…
Siw Finn tande prèch sa, ou cherche konprann li, demen w ta dwe chita yon kote poukòw, ap kesyone ki idée, ki plan, ki bisniz, ki talan, ki sèvis, ki prodruit w kapab travay sou li, pou Bondye beniw nan 30ans ankò..
Paske li di, pòv yo ap toujou pami nou.. menm andan legliz lan, men li pat Janm di @meotech1 ap pami yo..
bon sware🫶🏾🫡🥷💪🏿
Pran yon aksyon!
Siw bezwen plante 🌱 yon pye mango 🥭, pa tann demen, se plante 🌱 Jodi a.. chak jou ou fe ou p plante 🌱 l, se plis tan lap pran poul bay mango 🥭 mi👌