Nap enfòme kliyan nou yo, ke maten a @DigicelHT sibi de koupi sou 2 lyen fib optik entènasyonal li yo wout nasyonal 1 ant 8h45 e 9h40. Koupi sa yo afekte sèvis entènèt sou tout teritwa a. Ekip nou deplwaye, e nap evalye aksè yo pou fè reparasyon pi rapid ke posib.
Le message d’Izi & Nazon était pourtant clair : FOOTBALL ,Chambrage Rien de plus. Arrêtons de transformer chaque mot en débat politique. Aujourd’hui, la vraie question est ailleurs qu’est-ce que NOUS Haïtiens, faisons concrètement pour faire avancer notre football ? Il est temps de construire, d’agir et de donner à nos joueurs les moyens de jouer et défendre dignement nos couleurs en Haïti 🇭🇹⚽
Youn nan bèl imaj aprè match yèswa a, se Fafa Picault ak Xavier Valdez, gadyen Dominiken an. 🙏🏽
Mesye yo te pran yon ti moman ansanm pou priye aprè abit lan te sifle fen match la.
Yo tou 2 se kretyen e yo te gen chans jwe ansanm nan Houston Dynamo an 2022. 🇭🇹🤝🇩🇴
Cap-Vert pa janm panike, lè yo gen balon an yo fè jwèt yo, yo tante menm si yo konnen ekip anfas la pi fò.
Sa se ekip ak anbisyon. Ekip ki gen antrenè. 👌🏽
Jenerasyon gran paran m yo te pale m de Manno Sanon, Guy Saint Vil, Philippe Vorbe ak tout lòt yo.
Mwen menm, mwen viv e m temwen de jenerasyon sa ki soufri men ki fini pa kalifye pou Koup di Mond sa.
Ayiti te merite sa. Peyi a, moun yo, pou mizè n ap pase nan mond lan, pou jan nou renmen foutbòl.
M fyè de ekip la, de akonplisman sa.
Jodia yon fwa ankò plis, m trè fyè pou m di m se AYISYEN ❤️🇭🇹