Nou nan yon kontèks difisil kote pi gwo lopital peyi a gen plis ke yon lane fèmen. Anpil lòt lopital ak sant sante oblije fèmen pòt yo, men nou pa p bliye angajman nou. Pandan n ap kontinye siviv, n ap fè tout sa n kapab pou n pote ti touch pa nou an.
#DoctorsDay2025#docorisme
Mwa septanm se mwa sansibilizasyon pou Kansè Pwostat. Tout gason ki gen 45 lane oubyen plis sipoze wè yon Iwològ pou evalyasyon ak depistaj Kansè Pwostat.
#urologie#cancerprostate
Pwostat pa yon maladi. Se yon ògan ki la kay tout gason. Men, menm jan ak lòt ògan yo gen maladi ki ka devlope nan pwostat la tankou pwostatit, kansè pwostat elt......
#urology#urologie#prostate#santepourtous
Tout gason ki gen 45 lane oubyen plis ta sipoze wè yon Iwològ pou yon evalyasyon. Sitou si nan fanmi w te gen moun ki te gen maladi kansè pwostat.
#urology#prevention#depistage#santepourtous
🔥 FC Barcelone se yon machin nan Liga. Yo bat 11 nan 12 dènye match yo.
Grenn eksepsyon an se Almeria k te mete do yo atè 1-0 nan dat 26 fevriye ki sot pase a.