Se pa chans, se ki jan wap soti tèt ou. Mwen ak chèf 3èm peyi ki pi rich pa tèt abitan sou latè. Premye Minis LEE Hsien Loong ap dirije Singapour ki se yon ti teritwa. Yo òganize yo, yo soti tèt yo. Lavi pap fè ou kado, anpil fwa se baryè sèlmam wap jwenn sou wout ou, men si ou konn sa ou vle sa pa ka bloke ou.
Singapour gen 4 pèp diferan, 4 lang e 5 relijyon diferan. Jounen jodi a avèk travay Mesye sa e Papa li ki se fondatè peyi a, moun Singapour a pi rich de lwen ke moun Etazini an.
Singapour menm gwosè ak Arondisman Pòtoprens, li se yon Zile, li gen 2è pi gwo pò maritim komèsyal ki gen sou latè. Donk pandan chèf ak politisyen bay Izo 5 segonn ak gang wharf jeremie bò lanmè pa nou an, yo fè 1 lòt bagay ak pa yo a.
Singapour pwofite de anplasman stratejik li genyen nan detwa bò lakay li pou li pozisyone li e vini jodi a yonn nan pi gwo modèl reyisit latè janm bay.
Map presize yo pratikman pa gen okenn resous natirèl tankou richès anba tè a.
Lè mwen Fernando ESTIMÉ ap pale ak moun sa yo, mwen di tèt mwen, pa gen kondanasyon nan povrete e pa gen obligasyon pou ou rete yon peyi pòv.
Se Ayisyen ki dwe fè konbit pou konstwi Ayiti e pèmèt Ayiti soti tèt li. Ayisyen e Ayisyèn renmen peyi yo. Solidarite ki manifeste pou Kanal Wanament nan se yon prèv an plis ki montre sa e ki montre tou nivo detèminasyon ak kouraj nou.
Gen moun ki soti tout kote nan peyi a ale Wanament jan yo kapab. Bòs kap travay nan kanal la fè li ak lanmou san yo pa touche 1 goud pou sa. Ajan BSAP yo pat jwenn lòd chèf nan Gouvènman pou yo te kanpe ak peyizan yo. Ayisyen 🇭🇹🇭🇹🇭🇹 vle wè e viv nan yon lòt Ayiti.
Ayiti 🇭🇹🇭🇹 pa yon ti peyi.
Genyen ti dirijan, san vizyon. Reli ankò: genyen ti dirijan san vizyon ki pa konn konpoze ou ki pa vle konpoze nan ekzamen lavi a ba yo.
@fernandoestime,
Samdi 23 septanm 2023
Quelques Avions de la Compagnie AIR HAITI, l'une des meilleures lignes aériennes de l'époque, assurant le transport aérien haïtien de 1969 à 1982. Retrouvez toute l'histoire sur notre blog dans un mois. #TBT#SavoirDHaïti#SDAvr2023
À lire absolument
Félicitations à David Alvarez Martin @davidalvarez , l’auteur de cet article! Vous êtes du bon côté de l’histoire!
https://t.co/VqPK6UXlyq