N ap tann tout sipòtè nou yo ak fanatik @zonefanmizik /@dieunoucontact yo dimanch 3 mas la a 4 è tapan. N ap andirèk sou prèske tout rezo nou yo ak rezo @zonefanmizik yo. Mèsi pa sifi🙏🏿
Li inakseptab pou pitit peyi a ap mouri chak ane nan swadizan yon kanaval Leta peyi òganize. Ayiti nou reve a, Leta dwe pran responsabilite l nan tout sa l ap fè.
Ret branche, emisyon sa nan wout l ap vini. @Zonefanatik+Éduquer pour Guérir=🔥🔥🔥
https://t.co/PgvvuoCoMv
Dènye emisyon nou pou ane 2023 a disponib sou paj Facebook ak sou chèn YouTube nou an. Envite nou se te ansyen palmantè @senateurdumont e otè @SkasonBaptiste. Men 2 lyen yo:
📸 Watch this video on Facebook
https://t.co/i88G8I1kBK
https://t.co/22b2H8RdRt
Dimanch k ap 17 desanm 2023 a, se pral dènye emisyon nou pou ane 2023 a. N ap gen gwo kokenn chenn emisyon.
Envite: Ansyen palmantè, @senateurdumont ak lòt envite sipriz.
Sijè: “Kisa nou ka aprann/enspire de mouvman kanal Wanament lan?” . N ap andirèk sou Facebook ak Youtube
Dimanch k ap 10 desanm 2023 a, men sa Éduquer pour Guérir ap gen nan djakout li.
Envite: Me. Jean Dormelas, Notè piblik nan New York.
Sijè: “Enpak pwogram Biden nan sou sosyete ayisyèn nan”.
Ki kote? Andirèk sou tout rezo nou yo ak rezo @DVELOPERSO12 a: Facebook ak sou YouTube
Si w te rate emisyon espesyal nan okazyon jounen entènasyonal lit kont vyolans sou fanm ak tifi, li disponib sou paj Facebook ak sou chèn YouTube nou an. Envite nou se te @MICHELStphanie2 prezidant @W4LibertyHaiti
📸 Watch this video on Facebook
https://t.co/hgvhyjfpZS
Nan okazyon jounen entènasyon kont vyolans sou tifi ak fanm 25 novanm k ap vini an, Éduquer pour Guérir ap gen Yon emisyon espesyal dimanch 26 novanm 2023 a sòti 4 è rive 6 zè avèk Stéphanie Michel, prezidant “ Women for Liberty.
https://t.co/vNl9VLe2iZ
Anpil fwa, konplèks konn sèvi gwo obstak pou anpeche anpil jèn avanse nan lide pou yo atenn objektif yo. Wadson Joseph pou DÉVELOPERSO ap ba nou plis detay.
Pa rate emisyon sa dimanch k ap 12 novanm nan: “Devlopman pèsonèl”🔥🔥🔥
Lang nou se idantite nou, se nanm nou, li fè pati kilti nou. An n valorize l. Pwomosyon Lang Kreyòl 🔥🔥🔥🔥
Rès emisyon an disponib sou 2 lyen SA yo:
https://t.co/V8HrUcBXxO
https://t.co/FaPKydabep
Men kèk mezi Leta nou an ka pran pou fè Pwomosyon Lang Kreyòl ayisyen an. Jérémie Joseph ap bay nou kèk detay. Pa rate bèl emisyon sa dimanch 29 oktòb la sou tout rezo sosyal nou yo.
Mèsi pou prezans nou!
Dimanch 29 oktòb 2023, emisyon Éduquer pour Guérir ap retounen an fòs.
Envite: Jérémie Joseph responsab Pwomosyon Lang Kreyòl
Sijè: “Enpòtans lang kreyòl ayisyen an”
Ki kote? Andirèk sou tout rezo nou yo: Facebook, sou YouTube, elatriye, , sou Radio Generation 2000.
Mèsi!
Men youn nan rezon ki fòse nou presize lang nou pale a rele Kreyòl AYISYEN. Jérémy Joseph responsab “Pwomosyon Lang Kreyòl” ap fè kèk presizyon pou nou. Emisyon sa ap difize dimanch 29 oktòb sou rezo sosyal nou yo: Facebook ak YouTube.
Dimanch 15 oktòb 2023 sòti 4 trè rive 6 zè pm nan emisyon Éduquer pour Guérir
Envite: @Milarah00 Christelle Monfiston
Sijè: “Cyber-harcèlement”
Ki kote? Andirèk sou tout rezo nou yo: Facebook, sou YouTube, elatriye.
Mèsi pou prezans nou.
Men kijan envite nou Gasner Vil t ap bay yon ti lòsyè nan definisyon gwo bout tonton konsèp sa ki se «Implication parentale» nan koze lekòl timoun yo. Rès bèl emisyon sa disponib sou lyen sa: https://t.co/SpjxE6yu2x
Tou pwofite abone ak chèn YouTube la, si w poko fè sa. Mèsi!
“Intelligence Artificielle” la gen limit li. N ap toujou bezwen entèlijans lèzòm (”Intelligence Naturelle”) pou amelyore lavi nou (moun) ak enviwonman nou. Dr. @DjinaudProphte1 ap ba nou plis detay.
Tout misyon sa disponib sou lyen sa yo:
https://t.co/rltLeHCpEm…
N ap di yon bon rekòt kafe ak @djecee. Se pou w kontinye rekòlte bon rekòt nan jaden lavi a. Éduquer pour Guérir trè rekonesan anvè w. Youn nan pi bèl souvni nou.