Quel Dieu je crois? Quelle personne j'aime? Nul n'a le droit de s'en informer, la loi moins que quiconque, Victor Hugo.
Occupée à saisir chaque seconde⏳🌵❤🌻
Nou koube n byen ba pou nou salye depa M. Jones Lagrandeur ke bandi asasinen jou ki te 7 dawout 2019 la.
Nou prezante kondoleyans nou bay tout fanmi ak zanmi ki afekte pa zak sasinay sa a.
@EriccaLAGRANDE1 tout ekip Nou Pap Dòmi an avèk ou nan moman difisil sa a.
Nòt pou laprès sou represyon k ap fèt sou manifestasyon k ap fèt toupatou nan peyi. Nou Pap Dòmi kanpe ak tout peyi a e egzije respè dwa popilasyon an pou l manifeste. #4R#PwosèPetroCaribeA
Nou pap dòmi pat nan okenn rankont ak OEA. Nou denonse fo nouvèl sa a ki pibliye sou paj Facebook VOA Kreyòl @VOAKreyol la.
Depi 7 jen nou te deja ekri OEA pou enfòme l nou pa rekonèt lejitimite Jovenel Moise kòm prezidan paske li enplike nan zak koripsyon.
#PwosèPetroCaribeA
Depi avan Jovenel Moïse te envite OEA vin fè enjerans nan zafè entèn peyi a, nou te ekri yo nan dat 7 Jen pou di yo, nou pa rekonèt Jovenel kòm prezidan. N ap rete fokis e mobilize jiskaske #PwosèPetroCaribe fèt. #4R#Haiti Demisyone. Pwosè. Prizon. Restitisyon.
Pa kite yo devye nou, #PwosèPetroCaribeA pa negosyab. Presyon lokal, presyon entènasyonal pap kraponnen nou. Pwosè se sèl chimen pou refomde leta Ayisyen. Nou vle yon leta ki respekte agajman l devan tout Ayiti, san fòs kote.
Nou menm, nou pran angajman nou sou tonm papa Desalin pou #PwosèPetroCaribeA fèt. Nou konnen se yon batay manch long ki gen anpil etap ladan. Se pou sa nou pap ni pran nan pwovokasyon, ni negosye ak vòlè yo. #4R#Haiti Demisyon, Pwosè, Prizon, Restitisyon.
Pèp ki an danje pa ka dòmi. #PwosèPetroCaribeA se sèl wout pou retabli lapè, konfyans, ak estabilite. Nou pap ni fè bak, ni negosye ak vòlè yo. Batay sa a, se pou bay peyi a jistis e kraze miray koripsyon ak enpinite a. Demisyon, Pwosè, Prizon, Restitisyon.
#4R
Nou menm sitwayen ki reyini nan kolektif Nou Pap Dòmi, apre nou konsilte plis pase 6 000 moun sou entènèt, apre nou fin tande plizyè sektè nan lavi nasyonal la nou pwopoze yon tranzisyon 4R.
Ripti. Redrèsman. Redinamizasyon. Rigè.
Suiv nou pou plis enfòmasyon.
#noupapdòmi
Nou mache 2 jou suivi. Nou fè konplete #7touPalèNasyonal pou n egzije #PwosèPetroCaribeA
Fòk Jovenel Moise demisyone pou mete tèt li a dispozisyon LAJISTIS
Fòk lajistis ak Koudèkont fè travay yo
Nou egzije pou yo mare tout dilapidatè la #petrocaribe yo