Yon ti videyo ki pale sou travay mwen fè kòm pwofesyonèl. Pami tout aktivite mwen antreprann depi 15 lane, m fyè anpil paske m se yon anseyan. E m tou pwofite salye plizyè dizèn milye anseyan ki ap fè sakrifis nan tout peyi a chak jou. 🎥: @Marco_Azed
Nan mwa dawout 2025, m te pibliye yon emisyon ki prezante 9 pwen enpòtan nan yon estrateji pou abòde zafè ensekirite nan peyi a. Mete kanpe yon sistèm entelijans se youn nan 9 pwen yo. Gade moso sa. Epi klike sou lyen YouTube la si n anvi gade tout emisyon an. Avan m fini, pou moun ki kwè peyi "demokratik" ki gen "etat de droit" pa espyone moun ak gwoup yo panse ki ka poze pwoblèm. Kontinye kwè sa. Bon lajounen ! https://t.co/0yFwyZlroj
Yon kout rezime sou konferans St John's University nan New York 22 dawout ki sot pase a. M ap di mèsi ak chak moun ki te deplase. Yon mèsi espesyal ak ekip ki te envite m. See you soon !
🔵🔴 Se te yon gwo privilèj pou m te pran lapawòl dimanch 30 dawout ki sot pase a nan kad seremoni gradyasyon 2è pwomosyon nan KAWA nan Hotel Karibe. Yon mo espesyal pou Mike Bellot pou lidèchip li e yon gwo kout chapo pou chak etidyan nan pwogram nan. Konpliman nou chak e bon siksè.🔵🔴
🔵🔴 Nan jou ki sot pase yo, m te gen chans fè yon virewon nan depatman Nòdès. M te gen chans rankontre kèk lidè nan Capotille, Carice, Mont-Organisé ak Fort-Liberté. M te gen privilèj asiste ak mès espesyal nan okazyon fèt patronal Carice. Pran 5 minit pou ka gade yon rezime. Mèsi moun Nòd��s pou akèy nou. Pwochèn fwa, m pwomèt pou m vizite tout lòt komin depatman an. 🔵🔴