Priyorite m kounya se pran vi m an men
epi goumen pou m vinn yon meyè vèsyon
chak jou. M pa nan veye moun kap rete
oswa sa ki prale yo koz fwa sa, chapit lan
se pou mwen li ye…
Si pi gro flex w se fè pati de fanm sa yo ki pa gen okenn gwoup jèn gason kap di yo manje sa deja yo ebyen te m di w, ou son w fanm ki beni, ki gen anpil valè, ou son w kado enkwayab !❤️
Dmn la lè depi w wè on pil jèn moun fè liy devan
legliz ki pi pre w lan pou yo antre. Pa bezwen
poze pil kesyon, son w bann ELÈV NSIV kap
chèche sove 16 ane etid 😞‼️
Dmn la lè depi w wè on pil jèn moun fè liy devan
legliz ki pi pre w lan pou yo antre. Pa bezwen
poze pil kesyon, son w bann ELÈV NSIV kap
chèche sove 16 ane etid 😞‼️
Yon moun ki sousye l de ou ap souvan aji nan lide pou koneksyon nou pataje a, nenpòt fòm lan, pa menase. Lap toujou vle rekonsilye l avè w lè nou youn lòt fache, lap toujou chèche konn sa ki ka rann nou avanse pi soude !❤️
Aprann sa :
—. Si moun lan pa janm ede w pou w amelyore w, pou w vinn yon meyè vèsyon se ke li pa renmen w jan li vle fè w kwè li an. O final mye vo ou sispann enterak ak li. 🧏🏾♂️‼️
Lòt lan pa wè sa pou l fè, se sou tèt yon building li monte pou l mande moun ki nan vi l lan maryaj 🤦♂️ talè w tande li tonbe la ou pral tande tout moun ap lage chay lan sou do lanmou. Men ala lanmou gen bon do tou papa ‼️
Lè w gen yon objektif, ou pa dwe tann se lè w nan mood w oswa w motive pou w travay sou li. Men pito ou dwe travay chak jou jis w rive atenn li.
Konsistans avan tou…