@windyphele Mwen bay Jij ayiti vag kèk tan paske se pa tande yap tande akize yo vre paske pou mwen nan yon jijman tout ti detay akize a di dwe konte mwen plis wè jij yo se blag yo tap bay olye se tande yo tap tande mesye a
Ijan. « Pwochen prezidan ayisyen an gentan pèdi 4 ane nan manda l. Pa bliye sa ».
Mwen tonbe ri lè m sonje se gwo entèlektyèl tankou Mirlande Manigat ak responsab inivèsiye Kiskeya ki t ap pwomote betiz sa a kòm pi gwo refleksyon jiridik ki te fèt sou dosye manda Jovenel Moise la.
Mwen kontan wè tou, depi lè m te jèn gason, mwen te toujou kanpe anfas fo refleksyon sa yo ki kontribye nan kraze peyi a.