Flash!
Pèp savyen, yon lokalite anndan pi gwo depatman peyi a ki se latibonit, frape fò. Gen anpil kadav. Yon lòt kote, nan lwès, katye jeneral gang ak sapat tankou ak kravat yo, moun gang Izo te trete fatra yo sanble vrèman ap achte derespektan an nan men l. Selon enfo nou genyen, kawòt yo pa ta dwe pran twòp tan pou yo kuit sizoka polis la pa ta deside fè bak pou ta bay ekip kriminèl bisantnè yo chans fwa sa a.
Se pa Vilaj sèlman lapolis kadriye, gen anpil lòt gran wout, gran aks, ki sou gwo siveyans nan moman an. Pandan bwa kale an pa kanpe, paske popilasyon an nan divès kote toujou ap veye bandi, sitou moun k ap transpòte zam ak bal. 18 bandi tonbe anba kòlè moun SAVYEN, nan depatman latibonit, san konte sa ki tonbe nan bwa kale yè nan komin Petyonvil.@AmeriqueInfo7