@KimHaiti93 Mwen m toujou di sa
M pa fan Messi men jou souf nèg sa ta koupe, football la dwe pran kèk tan poz
Se yon privilèj pou yon moun ki di li renmen football epi ki gen chans gadel kap jwe.
🇭🇹🚨 Nan mwa mas 2025, mwen te pran tan pou m analize plan Prezidan Nayib Bukele te deplwaye kont gang yo nan peyi Salvadò nan yon emisyon m te fè. Jodi a nou tout wè kijan Bukele pwouve aklè lè w konbine volonte, bon jan efektif, bon ekipman, teknoloji, bon enfòmasyon ak estrateji, ou ka fè chèf gang antre nan mawon. Se pat janm kamyon an ki te gen pwoblèm, se chofè a pou n chanje. Nou pran angajman pou nou mobilize tout fòs ak resous Leta pou retabli sekirite nan peyi nou. Nap di tou mèsi ak tout kolaborasyon kèk bon patnè tankou Salvadò.
Mwen salye angajman fòs salvadoryèn yo nan batay kont gang yo. Kontribisyon GSF, PNH, Fòs Lame Dayiti ak patnè entènasyonal yo pèmèt nou ranfòse operasyon sou teren an, reprann kontwòl teritwa a epi retabli otorite Leta. Chapo Prezidan Nayib Bukele @nayibbukele pou soutyen ak angajman w nan konbit nasyonal kont gang yo.
Ayiti, Salvador, GSF : menm konba, menm detèminasyon! Kolaborasyon an ap kontinye.
GANG YO PAP GEN DOMI NAN JE !
GEN YON GWO DEZAKÒ ANT EL SALVADOR AK DEPATMAN DETA AMERIKEN SOU OPERASYON KONT GANG AN AYITI!
Jounalis Marc Caputo pibliye yon ankèt sou Axios ki revele gwo tansyon diplomatik ant gouvènman El Salvador ak kèk responsab nan Depatman Deta ameriken an, konsènan operasyon militè prezidan Nayib Bukele ap mennen ann Ayiti.
Selon Axios, nan dat 27 oktòb, Bukele te jwenn benediksyon prezidan ameriken Donald Trump pou l mennen operasyon kont gang yo.
Se konsa fòs espesyal El Salvador yo te kòmanse mennen operasyon militè ki lakòz echanj kout zam ak gang yo nan zòn Laplèn.
Nan dat 31 oktòb, gang yo te atake yon konvwa militè salvadoryen toupre Anbasad Etazini ann Ayiti. Pandan echanj kout zam sa yo, lokal anbasad ameriken an te resevwa bal.
Apre sa, nan dat 3 novanm, elikoptè militè El Salvador yo te entèvni pou repouse yon atak gang kont sòlda peyi Tchad ki fè pati fòs entènasyonal GSF la.
Nan dat 4 novanm, David Howell, ki se pi gwo diplomat ameriken ann Ayiti, te voye yon mesaj bay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou l plenyen sou fason militè El Salvador yo ap opere.
Dapre mesaj Axios jwenn nan, Howell fè konnen militè salvadoryen yo pa byen kowòdone operasyon yo ak GSF la. Li avanse tou twa militè salvadoryen ta blese, yo pa gen yon bon plan pou evakyasyon medikal, epi yo prèske tire sou sòlda GSF yo.
Li mande Premye Minis ayisyen an pou l fè otorite militè El Salvador yo sispann operasyon yo jiskaske gen yon pi bon kowòdinasyon.
Nan dat 5 novanm, Anbasad Etazini nan El Salvador voye yon nòt diplomatik ofisyèl bay gouvènman Bukele a. Nan nòt sa a, Ameriken yo fè konnen mank kowòdinasyon militè salvadoryen yo mete lòt fòs yo an danje. Yo akize sòlda El Salvador yo tou dèske bal yo tire ta frape Anbasad Etazini an Ayiti, kote pèsonèl ameriken te manke pran bal.
Men gouvènman Bukele a pa dakò ditou ak akizasyon sa yo!
Lendi 9 novanm, El Salvador reponn ak pwòp nòt diplomatik pa li. Li rejte akizasyon yo youn apre lòt.
Li demanti se sòlda pa li ki te tire sou anbasad ameriken an. Li demanti tou militè li yo te tire nan direksyon sòlda Tchad yo. Li fè konnen operasyon ayeryen li yo te deja ap kowòdone ak GSF ansanm ak otorite ayisyen yo depi 26 oktòb. Finalman, li rejte enfòmasyon ki fè kwè twa sòlda salvadoryen te blese.
Men El Salvador ale pi lwen toujou! Li deklare lè yon responsab ap pataje enfòmasyon ki pa vre sou yon dosye grav konsa, san li pa prezante prèv, sa mete kredibilite tout lòt deklarasyon responsab sa a an dout.
Sa vle di gouvènman Bukele a rive mete kredibilite pi gwo diplomat ameriken an Ayiti a an kesyon.
Depatman Deta ameriken an, bò kote pa li, kontinye soutni twa militè salvadoryen te blese, epi youn te bezwen kite Ayiti pou resevwa swen.
Pou kounye a, de pati yo kontinye bay vèsyon ki diferan sou sa ki pase pandan operasyon yo.
Yon bagay ki enpòtan pou nou konprann: dezakò sa a pa nesesèman vle di Trump ak Bukele pa antann yo ankò. Sa ki nan mitan konfli a, se fason operasyon militè yo ap kowòdone sou teren an.
Sous: Axios — Marc Caputo, « Scoop: El Salvador blasts U.S. State Dept. over Haiti gang war », 10 novanm 2026.
🟡🇭🇹 Kèk nan nou seryezman vle fè moun konprann yon moun videyo PRIVE L soti e pibliye SAN KONSANTMAN l, nan ENTIMITE L, ki VIKTIM l, tandwe al kache e pa kontinye pwogrese!!! 🤔
Depi avan sa rive Jèn la, moun te konnen l pou abilte kominikasyon l, e konn toujou ap pale sou koze sosyete. Li rantre nan yon pati politik, e ta
manifeste anbisyon l pou kandida
nan peyi l, ke nou ta dwe ankouraje e aplodi, nou pito mete tout enèji nou nan ridikilize anbisyon l lan🤷🏿♂️ Pandan nou pa janm ensiste pou kalonnen moun ki pibliye videyo a.
Nou se yon sosyete ki anpil fwa redui a sipèfisyèl, a "anba ti vant".
Nan yon peyi serye, li t ap tradui nou tout lajistis.
Yon jou l ap jou. Bann bouwo.
⭕️ENFO | Nan yon entèvyou ekskliziv li bay @CBS/@60Minutes, Prezidan Ameriken an rekonèt gen yon pakèt migran kap travay avèk diyite nan peyi a, yo pat dwe depòte. « Lè w ale nan yon otèl pa egzanp… gen anpil moun kap byen travay nan divès branch. Anpil nan yo la depi 10 lane, 15 lane pafwa. Yo gen pitit. Yo peye taks nòmal. Kidonk, lè yon moun konsa depòte, m panse se yon bagay ki vrèman rèd », se sa Donald Trump deklare. Chèf leta a di anpil nan migran li mansyone yo se bon moun, yo gen bon travay. Men sèl vyolasyon yo fè, se vini yo vini nan peyi a ilegal. M. Trump fè konnen gen divès gwoup nan sosyete a ki panse fòk kategori moun sa yo ta ka jwenn otorizasyon pou yo rete viv Etazini.🇺🇸« Sak tap enpòtan se retire asasen, kriminèl, dwòg dilè yo nan peyi a. Sepandan, gen anpil Eta kote otorite lokal yo anpeche nou al pran yo. Men pou sila yo ki pa nan move zafè, nou ta ka jwenn yon fason pou kite yo isi a », se deklarasyon Prezidan ameriken an, ki di li pa gen pwoblèm pou li chita pale ak Demokrat yo pou jwenn yon « deal » sou dosye imigrasyon an. Donald Trump fè konnen li pa gen pwoblèm ak lide pou ta jwenn yon mwayen pou migran ki pa reprezante yon danje pou peyi a, taka vin gen yon estati legal. Pandan entèvyou sa a, Prezidan Ameriken an te pwofite kritike politik imigrasyon administrasyon Biden nan, epi fè elòj pou divès mezi li te pran, pa egzanp fèmen fwontyè yo, sa ki anpeche migran rantre ilegalman | LSV
@AdoAdo02 Ou gen tout dwa w pou w ap dekòtike pawòl li yo men fòk nou pa bliye moman an pa mande sa. Sa nou bezwen se aksyon konkrè ki mache ak pawòl san pran tan. Nou deja eksite e Se pa moman pou l ap pwofite fè jeu de kominikasyon.