📣Desizyon pou pwolonje jiska 3 dawout 2024, peryòd renouvèlman pou Ayisyen🇭🇹ki gen TPS 2021 yo, vin OFISYÈL. @DHSgov ki se Ministè Sekirite Enteryè Ameriken, anonse ke mezi sa ki te adopte an septanm pase, pibliye nan jounal ofisyèl peyi a - #FederalRegister, jodi mèkredi 13 desanm 2023 a. Sa vle di, moun ki gen TPS 2021, e kap renouvle, gen jiska 3 dawout 2024 pou yo fè sa. Desizyon sa konsène tou sitwayen ki soti 🇸🇻Salvador, ki gen jiska 9 mas 2025,🇭🇳Honduras, jiska 5 jiyè 2025, 🇳🇵Nepal, ki gen jiska 24 jen 2025, 🇳🇮 Nicaragua jiska 5 jiyè 2025, epi sitwayen ki soti🇸🇩Soudan, gen jiska 19 avril 2025 pou re-anrejistre pou TPS. Pwolonjman sa pèmèt benefisyè 6 peyi sa yo, renouvle estati yo nenpòt lè, nan delè 18 mwa yo ba yo a.

📣#PwogramBiden | Benefisyè ki gen rezidans « pèmanan » nan yon lòt peyi, e ki konfime, gen gwo difikilte lè yo rive nan ayewopò🇺🇸Ozetazini. Daprè sa kèk sponsò rapòte nou, gen moun pa yo ki tap viv🇨🇱Chili oubyen🇧🇷Brezil, otorite imigrasyon amerikèn voye yo tounen nan peyi kote yo soti a, oubyen voye yo an🇭🇹Ayiti. Paralèlman, gen lòt sponsò ki di nou, yo gen fanmi pa yo ke yo kite rantre kanmenm, aprè yo fin konvenk ajan @DHSgov sou danje ki genyen si yo tounen nan peyi yo te ye a. Moun sa yo jwenn yon otorizasyon pou yo rete USA, epi aplike pou azil. Benefisiyè sa yo kap sou siveyans, ap gen pou parèt devan tribinal, pou pwouve efektivman yo andanje.
#PwogramBiden: siw se yon Benefisyè ou konfime nan program parole la men ou pa resevwa imèl konfimasyonw , kontakte #USCIS poul voy "online acces code" la son tan pèdi u pap jwenn li konnya , fè sponsò ou a voy #NOTICE confirme li gen su kont #USCIS li a pou ou epi kontaktem 👌
Men pratik politik ki kontribye nan fini ak peyi a.
Pandan enkonpetan ki nan Gouvènman an pa gen kapasite pou yo byen kanalize demand fòs la. Moun ki an fas li yo pi mal pase l. Yo just di Ann bloke epi n ap kanpe la ak gang yo.
Gouvènman an ta dwe gen travay pa l pou l fè pou fòs la reyisi. Sosyete sivil la ta dwe travay sou kèk pwen sa yo
1. Mande fok fòs la gen ase pèsonèl ak ekipman ki pou rann aksyon li yo efikas. Donk li pa dwe yon ti fòs jwèt.
2. Defini yon “feuille de route” pou fòs la swiv
3. Etabli yon kalandriye pou fòs la debarase nou ak gang ki bay plis pwoblèm yo an premye
4. Mande fòs la etabli yon pwotokòl sanitè pou sitiyasyon kolera a oubyen lòt maladi Minista te pote pa repwodui
5. Mande pou fòs la fòme yon bon kò espesyalize andan PNH la pou lè Yo ale.
Bagay sa yo pa enterese yo. Se jis banm pouvwa oubyen gang mèt touye nou tout.
Moun ki t ap pale anpil yo, nou te tande emisyon an oswa se estipid la menm nou pa ka fè??
Nou tankou yon bann moun ki pat janm konn patisipe nan yon aktivite epi ki di yo pral bòykote l jis paske nou pa ka pa swiv kouran pou yo ka wè nou te di yon bagay tou..
Bann estipid..
Jean Bertrand Aristide : Tout akò ki pa fè kò ak pèp la ankò se akòdeyon, akòdeyon pou chante DO-RE-MI-FASIl sou do pouvwa ! Déclaration faite ce dimanche 26 mars, à l'occasion de la graduation de la promotion 2023 de l'INUFA
Kanada ta prè pou akeyi 15,000 migran atravè kanal ofisyèl yo. Gouvènman Kanadyen jwenn yon antant ak Administrasyon Biden nan, e yo ta dwe anonse sa jodi vandredi a. Antant sa se pou fè fas ak rantre ilegal migran yo Kanada. Lap kòmanse aplike jou kap vini yo. @RadioCanadaInfo