M jis pa ka konprann bagay sa. Depi yo kenbe nèg ak vès isi nan vòlè, se #politik, se #pèsekisyon...ebyen ok mesye, nou onèt, nou serye! Nou pa gen dwèt long siperyè! Pa janm gen lajan leta ki fè wout kwochi nan peyi Dayiti; tout chèf yo respekte tèt yo pa bò isit. Mwen k vòlò a!
Senatè a di "m fè komisarya m ak lajan nan pòch mwen, san yon goud leta...ki pwoblèm ki gen nan sa si yo ekri non m sou li?" Okenn pwoblèm sena! Okontrè, siw te ka met polisye paw, ba yo zam, peye yo, li tap fin bon nèt! Anmède lemonn...
#BèlPeyi_GwoPeyi
Zanmi an dim maten lendi a :
"Konpetisyon yo fini kounya. Moun kap mande pou enjenyè a bay talon l yo, swa yo pi serye, swa yo sispann fè ti komik. Sinon, kite mouche a fin fè manda l la. 2022 se demen maten!"
#MToujouPaNanPolitik#ZanmiAnApChachePawòlNanBouchMwen
Chita la nan fè deba sou #kalifikasyon yon ekip krèm mayi ak 2 gòl chans, fè kòmsi nou pa okouran jij #lakoudèkont yo nan #latoumant, gen 2 ladan yo ki mawon kite peyi a akòz menas tout kalte yap resevwa depi aprè piblikasyon 2e #rapò sou jesyon lajan #Petrocaribe a. Ranse!
Zanmi an dim opozisyon politik la nan peyi dayiti tankou yon baz limenna nan moman; yon dyaspora annik rantre nan baz la, saw tande a, Panique sur toute la ligne...
#NègYoApRansePiRèd
Copa America: M tap fè 2 kout popyè la mesye dam, nou ka dim kiyès ki bat nan 2 ti ekip ki tap jwe bò 3 zè a silvouplè? M kwè se byen mal ak pèd pawòl ki tap jwe, se pa vre? M pa epav...
#TeamAntiArgentine#TeamAntiMessi
Vagabon an dim :
"Jovenel ALE, swe m vin swe, oh pardon, Argentine ELIMINE ak yon pwen nan copa, Haïti CHANPYON gold cup, Brésil CHANPYON copa, KLASS rantre nan peyi a pou vakans lan...ou pa ka mande Letènèl pi bon ÉTÉ pase sa non!"
#NègYoStillApRanse
Rete la nan yon koze AMNESTI, AMNISTI, jan yo di l la...fè kòmsi nou pa wè gen yon jwè seleksyon CUBA ki fè zè l (sove) nan lakou USA!
#GoldCup2019#CostaRica#USA
Sitwayen an di ekip ayisyèn sa a tankou Jovenel MOÏSE. Blofè pase l nanpwen. Lè l nan kanpay (match amical, ligue des nations), li fèw kwè nan li ; lè l sou pouvwa (compétition officielle), li desann pantalon l...
#GoldCup2019#Haïti_Bermudes
Pawòl yon zanmim :
"Quelques mots de la même famille : Corrupteur, Bluffer, voleur, menteur,amateur, Argentine, petrodilapideur, Messi, Jovenel..."
#EntenduPourVous
M refize konprann pouki lapolis di lap chache Arnel kon chyen fou, epi Messi li menm alèz kon blèz nan mond moun yo konsa. Vòlè gramè patante! Matinèt (Martinez) nan dada Ajankrèmmayi...
#CopaAmerica#TeamAntiMessi
Pa kite ni pawòl petro a, ni koze agrono-ingenieuro-président an fè nou bliye Brésil sot maspinnen Bolivie 3-0 tande... Bon lannwit timoun!
#Copa_America#TeamBresilToutTan