Aujourd’hui est ta dernière danse.
Toi qui nous as tant donné.
Nous aurions dû t’offrir une meilleure fin, mais nous avons échoué.
Mettre des mots sur ce que tu as apporté pendant 14 ans est très difficile, tant tu as été un acteur majeur du renouveau de cette équipe. Les gens n’ont pas toujours su apprécier ta grandeur, mais le temps et l’histoire s’en chargeront…
Merci de m’avoir donné la chance et l’opportunité de représenter mon pays sur la plus grande scène pendant tant d’années.
Je me sens privilégié d’avoir pu être aux côtés de l’une des plus grandes légendes de notre pays, et je ne garde que d’excellents souvenirs de tout ce que nous avons vécu et accompli ensemble.
Je te souhaite le meilleur dans ta nouvelle aventure, et encore merci pour tout ce que tu as apporté à ce maillot qui compte tant pour nous.
👑
Gen yon saj ki te di : Ti amelyorasyon w fè chak jou yo pa souvan parèt klè menm moman…
Jiskaske yon jou, tout moun tonbe rele l gwo siksè.
Kontinye riske, Kontinye aprann, Kontinye konstwi
Bati l chak jou an silans…
Mbappé se
Soulye dò mondyal
Soulye dò liga
Soulye ldc
Soulye dò Ewopeyen
Pa gen okenn jwè nan 21e syèk la ki fè sa😆nan jenerasyon sa tout se ti jwè devan Mbappé
Lis ti jwè yo
Raphinha
Dembélé
Pedri
Vinicius
Jude
Yamal
Olise
Cherky
Rodrygo
Leao
Kvara
Díaz
Èske li pa senplis pou annik jis konpare montan fi ap touche parapò ak gason nan spò tankou football ak basketball nan gade lòt paramèt?
Nou eseye analize sa nan videyo sila
Pa ezite pataje opinyon nou ak poze kesyon nan espas kòmantè a
Mwen m pa gen pwoblèm ak yon moun ki twouve sa k te di an funny, se dwa l, se chwa l, men pa mande pou m wè l funny tou paske m gen dwa sa ak chwa sa🙂
Nan maryaj lè yo di “nan sante kou maladi, nan richès kou povrete”, se pa jis yon bèl pawòl pou seremoni an, Se yon angajman pwofon ki rekonèt yon verite ase senp: vi an gen 2 fas, gen moman wo, gen moman ba, Gen lajwa, gen difikilte, sesi se sa yo k fè yon relasyon reyèl tout bon.
Lè yon moun di “nan richès sèlman”, li klèman retire mwatye nan angajman sa lol (m pa bezwen konn si l te gen milyon sou kont pa l la, se yon fay nan yon moman sakre konsa)
Sa vle di klèman l dispoze rete sèlman lè bagay yo bon, relasyon pa teste sèlman nan fasilite 🙂 li teste nan difikilte tou, Se lè gen ti moman razè a, lè gen sante k febli, lè lavi bay bon jan presyon, pou w wè vrè valè yon patnè w genyen😉
Sa gen plizyè danje ladan l:
Li montre yon vizyon relasyon ki baze sou enterè, pa sou lanmou ni respè. (Menm si se an blag li fè mesaj la pase)
Li tou fè konprann si sitiyasyon an chanje, li ka vire do l fasil ( dayè l te avèti w)
Li kraze prensip solidarite ki fè yon koup solid, li klèman kreye yon relasyon ki depann de kondisyon, olye l chita sou yon angajman… (nou pral di m egzajere, men m jis pale selon mesaj ki fè pase a🙂)
Yon moun ki rantre nan maryaj ak lide sa pa pare pou tout dimansyon relasyon koze maryaj mande a, ( li pa t oblije dakò marye tou🙂)
Paske maryaj pa yon senp kontra pou pwofi sèlman, se yon alyans pou travèse tout sezon vi sa ansanm.
Se poutèt sa pawòl sa pou mwen m di byen wi “POU MWEN” sa k repete nan moman seremoni sakre sa se yon “red flag” klè, e l pa jis yon blag mal plase; li revele klèman yon mantalite ki ka mennen gwo pwoblèm pita, Nan lanmou, ou pa sèlman chwazi solèy, nou dakò mache ansanm menm nan moman lapli ak gwo loray k ap gwonde…
Si yon moun pa pare pou tou 2, li pa vrèman pare pou maryaj😉
Osi senp kòm bonjou!
Valorize moun sa k toujou la pou tande w la, ki toujou kanpe avè w nan moman ba w yo, ki toujou ba w epòl li pou w repoze a, ki pot lapè pou ou an, k ap sipòte w emosyonèlman…
Li ka yon zanmi, yon fanmi, yon menaj yon mari/madanm jis ekri l epi l di l jan l enpòtan nan vi w✨🫂
Matirite tout bon an, se lè w rive konprann ke la pa la w ankò epi w lache priz
Aprann fè Balans sa, sinon w ap soufri anpil a koz lwayote w sa ke y ap gen pou jwe sou li menm pou fè w mal…
Ou ka kontinye ret lwayal a yon moun pandan w pran distans de li pou sove sante mantal ou.