Tradiksyon an kreyòl mesaj viz Prezidan Salvadò a, @fulloa51, sou operasyon militè an Ayiti a. Ladan, li presize ke se yon dèt rejyon an genyen anvè Ayiti.
#Haiti#Salvador
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
@MelodieRbens M panse sa agrave relasyon Wendy kont team Baky a se mizik Magic Touch ak Steeve J te fè pou trip sou maladi Wendy a. E menm fè Jeff3 Wa jwe wòl Wendy pou montre se avel yap pale. Antanke team, si 1 pami yo pat ka bay konsey pou pa soti mizik la ak vidéo se ke yo konplis.
@MorenoRealest Msye serye ? 😂
Ale gade neg yo nn karyè solo yo, gade Enfliyans Izolan ak Fantom, san konte mizik ki t hit, mega hit (asefi), slogan lari a, san konte limye yo mete sou gwoup ak atis yo feat. Rockfam t konn bat BC nn live slm, yo t toujou pi byen sonnen.
@OlftonOB Kesyon Pam, Poukisa msye ale fe ekip ak Filip apre lè nou konnen tout sa yo t repwoche Filip nn Evazyon? Poukisa anpil atis nn Evazyon ale rejwenn nouvo ekip sa?
Mwa pase a rezo yo tèt anba psk chinwa yo manke Manmi Yole respè, zak ke m kondane. Men semèn sa bandi kidnape, bat, imilye touye FANM. Yon fanm ansent pran 7 katouch, bebe a pran 2. Silans radyo.
Kote atis ak enfliyansè fake ki t endinye yo?
@carelpedre Wap wè jan de post itil sa yo pap gen anpil moun ki pral kòmante, fè deba, pwopoze lide, pran inisyativ tout senpman paske l pa zen. Antouka bravo, m espère lot moun avize ki vle travay pou ede kilti a vanse nn nivo mizik met ansanm pou sezi opotinite sa