Paradòks larelijyon: Se sèl yon moun ki wè klè ki kapab mennen sila yo ki kwè ak lafwa. Lè m di wè klè m vle di yon moun ki pa kole sere ak lafwa men pito ki dòmi sou menm kabann ak larezon. Kounya kesyon ki chita sou eske l ap mennen yo sou bon ploton an ou non se yon lot koze.
Pa gen maji nan larelijyon. Li gen moun dèyè l konsa paske nou tout ap chache bay lavi yon sans,pandan l pa genyen. E se sa k du a. Se konsa nan yon diskisyon frè a patka dakò asasen ki te rale zam tire machann nan p ap jwenn chatiman pi devan lè m di l pa gen ni paradi ni lanfè.
Bat pou w pa tonbe nan pyèj lakilti k ap fè w bliye si nou tout se yon sèl ras nou ye. Anvan tout bagay se latè ki kale w, ou pa pitit yon sèl kontinan. Depi w sonje sa ou kapab rantre nan koze lakilti a san pwoblèm.
Sa mande anpil kouraj pou w pa kwè nan anyen. Se la w konprann poukisa lezòm kreye bondje oubyen nenpòt lòt divinite ki genyen yo. Tankou timoun sa ki kè pòpòz paske l konnen granmoun li la ap veye sou li, se konsa lezòm toujou bezwen yon figi parantal k pou rekonfòte yo.
Mwen kwè nan libète. Sa vle di mwen respekte ke w ap viv andeyò sa m panse de ou, oubyen m kapab di sa m ap atann de ou. Ekzanp byen senp: se pa paske mwen t ap atann ou pase tout jounen an avè m epi lè w pa fè l pou m fache.
Ou p ap janm kapab renmen yon lòt moun si w pa aprann gen lanmou pou tèt ou. Lè m pale de tèt ou m vle pale de tout sa w konsidere ki bon yo ak tout sa w wè ki pa bon lakay ou.
Anpil fwa yon fanm ki paka voye pa sòti bò kote gason an men kote pa l. Menm jan pou yon moun ki paka renmen. De koze sa yo mande pou w viv, e pou fè sa li mande pou w fè tèt ou konfyans.
The word “spirituality” is one of the most corrupted words on the planet. Don’t walk the spiritual path for peace. It is because most people are so deprived of peace that they consider it to be the ultimate aspiration.
Fè yon timoun se youn nan pi gwo prèv lanmou. Se di yon moun w ap ba l lajan w, peye tout bill li, ba l lanmou, asistans, aprann li tout sa w konnen san anyen an retou.
Gen yon laj ou rive li enpòtan pou w aprann defini ki kalite relasyon ki mache pou ou. Tout moun pa fèt pou monogami menm jan pou lòt yo tou. Sa ap evite w blese moun e blese tèt ou tou.
Pa gen anyen ki mal nan yon moun ki deside kwè nan yon nèg ak bab anlè a k ap mete lòd nan dezòd. Lè w paka jere pouvwa w genyen ou dwe bay yon lòt fè l pou ou. Sèl bagay la se ke ou pa dwe bliye se ou ki bay pouvwa sa pou w pa fin alyene.