Ti konsèy:
Pa janm kouri rakwoche lè w fin pale a yon fi.
Yon jou m fin byen pale a yon lòt nou di babay. Pandan m rete sou liy nan mtande l di: « Mawozo sa cho, kèk kòb li genyen kap grate l wii. » 😅
Lavi a pa fèt pou nou konprann li tout tan, li fèt pou nou viv li ak tout kè nou. Ak tout doulè, tout lajwa, tout leson.Jodi a, pran yon moman pou respire. Di yon moun ou renmen l. Padone yon moun (menm si se tèt ou).🪔🌬
Pa gen moun ki wè jan w fatige, pa gen mun ki remake dlo nan je w, epi pa gen mun ki tande sa k nan panse w lè w fèmen limyè a; poutan, ou leve, ou kanpe djnm, epiw kontinye avanse pa paskew gen fòs, men paske gen yon bagay anndan w kap pouse w ale pi devan. Bagay sa a rele lafwa
Pou tout moun ki pwòch mwen yo, mèsi paske nou fè pati istwa lavi mwen. Kit nou pale chak jou oswa non, nou chak gen yon plas espesyal nan kè m. Mwen swete nou lapè, sante, lanmou, ak benediksyon san limit. M renmen nou anpil, e m espere lavi a ap toujou souri ba nou. ❤️
M pa leve ak yon papa pou montre m chemen an. M aprann lavi a nan erè, nan doulè, ak nan silans. Si w wè m toujou kanpe jodi a, pa rele sa chans. Rele sa kouraj.
Lavi a pa toujou fasil, men li bèl.
Aprann apresye chak moman, pran leson nan chak eprèv, epi kontinye vanse ak
lafwa.
Istwa w poko fini.
Pi bèl jou yo poko rive.
M manje m alèz,m pa manje m alèz,m gen kòb m alèz m pa gen kòb m alèz,m gen fanm m alèz,m pa gen fanm m alèz,anyen sou tè sa pa chanje imè m,m pa nan fè foli anyen pa enfliyanse m.