Youn nan pi gwo siy matirite entelektyèl se kapasite pou tande yon lide ki kontrè ak pa w san w pa santi w oblije atake moun ki pote l la.
Lè yon deba vire nan jouman, minimize lòt, oswa atak pèsonèl, sa vle di nou kite emosyon pran plas agiman. Paske lè lide nou solid, nou defann yo ak rezon, men lè yo fèb, nou souvan chèche entimidasyon.
Objektif yon deba pa ta dwe pou detwi advèsè w ni pou pwouve ou pi entèlijan pasel. Li ta dwe yon rechèch kolektif pou pi byen konprann yon sijè. Chak moun antre ak yon moso verite, epi pafwa se nan konfli lide yo tout moun wè pi klè.
Aprè yon deba mwen pa oblije chanje opinyon m, men li k edem konprann pi byen poukisa ou te panse jan w panse a. Paske pwogrè pa toujou soti nan dakò, li soti nan kapasite pou konprann sa nou pa dakò avè l. Sa mande plis fòs pase joure, plis sajès pase genyen yon diskisyon, e plis kouraj pase rete fèmen nan pwòp kwayans nou yo.
First time smoking weed in 2008: laughed so hard I fell off the porch, ate an entire pizza alone, then called my ex at 3am to explain quantum physics. Last night: smoked, folded one shirt, and went to bed at 9:30pm. We lost something bros.