#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧:Gen plizyè rezon enjistifye ki lakòz konsèvatif yo pa danse kole ak imigran epi toujou menase depòtasyon.
Map pran rezon sa pou m esplike nou sa epi yon lòt jou m’a pran yon lòt:
✔️Jan anpil nan nou konnen l se 538 gran elektè yo ki mete prezidan chita nan biwo won an.
✔️Banm demonte 538 gran elektè yo pou nou: Se 400 elektè pati politik Eta yo chwazi pou vote pou sa ki vote
yo, 100 senatè ki nan palman , 2 pou chak Eta plis 3 gran elektè ki sòti Washington D.C ki se kote poumon Etazini ye.
An pasan, Washington D.C pa yon Eta men li gen gran elektè pa li tou. Sa tijhon nap koupe l la!
✔️Bon! Banm rete sou 400 gran elektè yo, paske se sou li tou pale anpil la ye. Ann fè yon kalkil gran elektè yo detèmine depann de kantite moun ki ap viv nan Eta, ke l te citizen, rezidan oubyen moun kap tann papye kidonk pou mesye konsèvatè yo chak grenn moun ki vini nan Eta ogmante nonm gran elektè yo epi etid yo montre tou imigran gen plis tandans vote “Blue”.
✔️Ak ti rale sa wap konprann tou sous gwo plenyen ki nan #Ohio paske nan tèt mesye yo nenpòt kilè Eta kapab chanje koulè nan eleksyon. Rezon sa yo tou esplike kòman Iltrakonsèvatè toujou ap atake immigran paske nan zye yo ou plis sanble yon “future” demokrat ki pap itil yo nan eleksyon.
👉Gen anpil moun ki pa konnen sa, pataje ak yo ap montre yo sous tou rayisman sa yo epi mete tèt yo ansanm pou chanje sa kap di yo. Pataje nan gwoup #WhatApp tou pou ranfòse sa ki di nan pòs lan.
#entegration #Haitian
Credit: 👇
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: 🚨. Tweet sa se yon alèt li konsène moun ki sou Humanitarian Parole, ale gade nan I-94 ou te rale a, gade kilè parole ou ap fini, si li manke 6 mwa, ou vrèman konsène, ou dwe fè yon chwa rapid paske menm dat sa se li ki sou kat travay ou tou. Ann desann pi ba! Nou gen 2 chwa si nou vle kenbe travay nou daprè dat I-94 an pral espire a:
✔Si nou chwazi rete sou Humanitarian Parole , nou oblije fil fòm I-131 pou mande "re-parole" menm jan sa fèt pou Ikrenyen yo. Fok nou konnen sa nap fè wi paske se premye fwa ayisyen pral fil fom sa pou "re-parole", si nou bezwen èd kontakte @web509_llc .
A- Si nou chwazi fè l fok nou fè l 180 jou avan kidonk 6 mwa avan kat la espire se sa pwosès la mande epi toutotan ou pa gen resi "re-parole" apwouve ou pap kapab aplike pou yon kat travay. Dispozisyon sa yo valid depi premye Avril 2024 pou jous jodi a. Pou pri "re-parole" ak kat travay , ale la @web509_llc pou plis detay toujou.
✔Si tout fwa nou ta chwazi itilize estati TPS ou, ( moun ki te la avan dènye nouvo TPS la ) li enpòtan pou lòt kat nou pral genyen an fèt sou #TPS, note sa tou, nou dwe aplike 120 jou avan kat la espire pou evite reta nan tretman dosye yo ( gade kilè kat travay ou ap espire).
Lòt pwoblèm nou ka fè fas, pou nou pwouve nou elijib pou travay sou @EVerify , kat ki espire a kapab pa itil ak resi ekstansyon an lè nap fè @EVerify paske kat "parole" lan pa gen menm kategori ak resi TPS lan. (C11 Parole , A12 TPS).
B- Mwen sèlman atire atansyon nou pou evite ti pwoblèm nou kapab fè fas, paske depi kat travay ou espire oubyen ou pa gen okenn estati isi ou tonbe tout dwat nan ilegalite epi nou konnen konsekans lan.
(Ekzanp: Si I-94 ou fini epi ou pa "re-parole" epi ou pat aplike pou TPS, wap tonbe san estati).
Li toujou bon pou nou pataje jan de mesaj sa yo paske li omwens mete nou okouran sa ki kapab rive epi pran devan pou evite li.
#HHP